POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 20 septanm 2013      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

PLAN POLIS LEKÒL MIAMI-DADE POU GEN PLIS SEKIRITE NAN LEKÒL YO

“Miami-Dade Schools Police (M-DSPD)” (Polis Lekòl Miami-Dade) anonse jodi a li pral adopte yon apwòch ki gen plizyè fasèt pou pwoteje lekòl yo plis kont ensidan kote moun sèvi ak zam.  Anba direksyon Chèf Ian A. Moffet, depatman an ap travay nan lekòl yo pou devlope  relasyon avèk elèv e paran e pou fè kanpay sansibilizasyon atravè edikasyon sou lalwa ak prezantasyon elèv.  Depatman an ap travay nan tèt ansanm tou avèk patnè lokal, eta ak federal ki la pou aplike lalwa pou fè rechèch ak envestigasyon sou zam ki ap sikile andeyò lekòl yo.     

Lè nou konsidere evènman ki pase resamman nan kominote nou an e nan Washington D.C, distri  lekòl la dwe pran tout aksyon pou ede asire sekirite timoun nou yo.  Nou pa ka fè travay sa a poukont nou; li enpòtan pou genyen yon patenarya ant lapolis, konseye, ak kominote a.  Patisipasyon paran ak angajman kominotè a endispansab pou fè prevansyon e pou amelyore sitiyasyon an.      

Chèf Moffet di, “Chak fwa gen yon zam nan yon lekòl, se yon zam ki pa nan plas li, e nou vle   genyen Zòn Lekòl ki Pa Gen Zam Ditou… Lekòl yo dwe yon refij, pa yon kote pou zam ap sikile.  Travay nou avèk Ofisye Resous Lekòl yo ak lòt ajans pral ede nou detekte zam yo byen bonè.”  

Pou ede nan objektif sa a, M-DSPD ap:

  • Ajoute plis “School Resource Officers (SRO)” (Ofisye Resous Lekòl) nan lekòl segondè ansanm ak lekòl mwayen e sant K-8 yo.  Nan kominike avèk paran e elèv, ofisye yo ka jwenn  enfòmasyon sou sitiyasyon ki ka rive nan lekòl yo, e yo ka aji davans pou redui kantite zam sou kanpous yo. 
  • Travay avèk “Department of Children and Families” (Depatman Timoun ak Fanmi) sou ka kote neglijans paran ka konn lakoz gen zam ki antre nan lekòl yo.  Nou ap bay paran yo responsablite e y ap peye tout konsekans lalwa prevwa pou sa.  Nou ap ogmante tou prezantasyon ki ap fèt atravè PTA e sou resous Entènèt pou nou ka enfòme paran yo sou sisiyasyon sa yo. 
  • Kontinye avèk yon pwogram detektè metal pa aza.  Gen etid preliminè ki montre gen  relasyon ant pwogram sa a ak rediksyon kantite zam yo jwenn nan lekòl yo.

  • Patisipe nan Pwogram Prim pou Zam Polis Lekòl Miami-Dade la e ede pwomote li.  Pwogram nan sèvi avèk enfòmasyon sou zam ilegal e li bay enfòmatè a lajan pou zam lapolis jwenn ki te sèvi pou fè yon krim. 

  • Mete yon detektiv a tan-pasyèl sou kesyon Alkòl, Tabak, Zam pou ede nan envestigasyon   sou tout ensidan kote yo sèvi ak zam, nan fè rechèch e envestigasyon sou koz ensidan yo.  Sa gen ladan pousuiv moun ki fè zak yo e fè yo peye tout konsekans lwa eta ak Federal prevwa pou sa. 

  • Travay davans avèk ajans lokal, eta, ak federal pou anpeche zam antre nan lekòl yo. 

  • Ankouraje moun sèvi ak liy pou rapòte enfòmasyon anonim, 305.995.COPS (2677), ansanm ak CrimeStoppers, ki fèk sot lanse yon nouvo “app” pou telefòn mobil.

  • Kolabore atravè Komite Diskisyon sou Sekirite Jèn yo ak Komite Asosyasyon Chèf Polis Miami-Dade sou Sekirite Jèn yo.                                                              
  • Kolabore avèk patnè lokal nou yo ki la pou aplike lalwa pou itilize Pwogram “Shot Spotter Sensor.”
  • Ogmante sansibilizasyon elèv sou lwa ki konsène kesyon zam atravè prezantasyon “Youth Crime Watch” ap fè.  Kòmanse 18 pou 22 novanm, òganizasyon an ap fè yon kanpay ki rele, “No Guns and Weapons in my School” (Pa Dwe Gen Zam nan Lekòl Mwen an) nan tout lekòl elemantè yo.    

###

13-JJS/198/JS/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès