|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 6 mas 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
SIPÈENTANDAN LEKÒL YO ALBERTO M. CARVALHO AK MAJISTRA CARLOS A. GIMENEZ, PRAL PREZANTE DEZYÈM DEBA KONJWEN SOU SEKIRITE JÈN AVÈK LIDÈ LOKAL YO
Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County Alberto M. Carvalho ak Majistra Miami-Dade County Carlos A. Gimenez pral prezante yon dezyèm deba diskisyon konjwen sou Sekirite Jèn avèk ofisyèl lokal yo vandredi 8 mas 2013 a 3è nan aprèmidi, nan sant medya Lekòl Segondè Miami Senior. Lekòl la lokalize nan 2450 SW. 1st St. (paking disponib nan kwen nòdès la nan S.W. 24th Ave. ak W. Flagler St.). (Y AP DISPONIB POU MEDYA A 2:45 NAN APRÈMIDI)
Deba a ap reyini lidè lokal yo, ki gen ladan majistra ak chèf polis nan plizyè minisipalite ak moun ki konsène nan Miami-Dade pou diskite rekòmandasyon ki konsène inisyativ sekirite piblik nan okazyon dènye aksyon vyolans san sans yo. Deba a pral konsantre sou sekirite jèn nan kominote nou an, lekòl, plas piblik ak vwazinaj yo. Objektif la se pou pataje pratik ki fè siksè, diskite defi aktyèl yo e defini rekòmandasyon itil akoutèm e alontèm.
KIYÈS: |
Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County Alberto M. Carvalho
Majistra Miami-Dade County Carlos A. Gimenez |
KISA: |
Deba Konjwen sou Sekirite Jèn avèv Lidè Lokal yo |
KILÈ: |
Vandredi 8 mas 2013
3è nan aprèmidi
Y AP DISPONIB POU MEDYA A 2:45 NAN APRÈMIDI |
Ki KOTE: |
Miami Senior High School, 2450 SW. 1st St., Miami, Florida 33135 |
Se règ Miami-Dade County pou obeyi avèk tout demand Akò Ameriken pou moun ki gen Andikap. Etablisman an aksesib. Pou entèprèt lang an siy, aparèy pou moun ki pa tande byen oubyen materyèl nan fòm aksesib, silvouplè telefone 305-375-1545 omwen senk jou alavans.
###
13-JJS/SD
Retounen sou Nòt pou Laprès |