|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 25 septanm 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
SIPÈENTANDAN CARVALHO PRAL PATISIPE NAN PANÈL DISKISYON “BROAD”
Yo chwazi Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho pou l patisipe nan panèl diskisyon Prim “Broad” la ane sa a: Enstriksyon Pèsonalize: Èske li Posib nan Balans la? mèkredi 25 septanm, a 9è dimaten, nan Coolidge Auditorium nan zòn bilding Thomas Jefferson “Library of Congress” nan Washington, D.C.
Carvalho pral nan panèl la avèk John Bailey, direktè Digital Learning Now! ak Liz Arney, direktris enstriksyon inovatif pou Lekòl Leta Aspire. Gregory McGinity, direktè jesyon règ pou Fondasyon Broad la, pral entwodui panelis yo e Liz Willen, direktris Enstiti Hechinger sou Edikasyon ak Medya a, ap moderatè a.
Yo bay Prim Broad la chak ane pou onore distri lekòl iben ki demontre pi gwo pèfòmans ak amelyorasyon nan akonplisman elèv pandan yo ap redui eka pami elèv ki gen revni ba ak elèv minorite yo. Lekòl Leta Miami-Dade County te ranpòte prim nan ane dènye.
###
13-JS/201/HD/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |