|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 7 oktòb 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
YO NONMEN SIPÈENTANDAN M-DCPS ALBERTO M. CARVALHO POU YO ONORE LI NAN PRIM NASYONAL AR 2013
Sipèentandan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) Alberto Carvalho pral resevwa yon Prim Edikasyon sou Ar 2013 ansanm avèk mizisyen “blues” B.B. King, aktris Dakota Fanning, filantwòp Mary Pappajohn, eskiltè Joel Shapiro ki soti nan “Americans for the Arts” lendi 21 oktòb nan New York.
Yo ap prezante prim yo kòm yon pati nan yon benefis ki ap fèt nan andwa selèb “Cipriani 42nd Street” nan New York City pandan Mwa Ar Nasyonal ak Imanite a, pi gwo selebrasyon nan kategori sa a nan peyi a.
Carvalho, ki te vin Sipèentandan katriyèm pi gwo sistèm lekòl nan peyi a an 2008, se yon ekspè yo rekonèt nasyonalman sou refòm lekòl ak finans. Avèk siksè, li transfòme fonksyònman biznis M-DCPS ak sistèm finansye a nan egzekite yon plan estratejik senplifye e nan aliyen resous pou priyorite salklas yo, ki ogmante rezèv, klasman bon yo, ak akonplisman elèv, yon fason ekstrawodinè.
Yo te fonde “American for the Arts” an 1960 e li se òganizasyon ki pa la pou pwofi ki fè plis efò nan peyi a pou pwogrè ar ak edikasyon sou ar. Prim anyèl la rekonèt atis ak lidè ar ki demontre kapasite pou dirije ki egzanplè nan nivo nasyonal ak akonplisman atistik ekstrawòdinè atravè travay yo.
Pou plis enfòmasyon, vizite www.americansforthearts.
###
13-JS/203/GD/CM
Retounen sou Nòt pou Laprès |