POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 7 oktòb 2013    

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL POU ETID AVANSE AP FÈ DE SESYON ENFÒMASYON POU ELÈV 10YÈM ANE ESKOLÈ KI ENTERESE NAN ADMISYON POU KOLÈJ BONÈ, 12 OKTÒB

“School for Advanced Studies (SAS)” (Lekòl pou Etid Avanse), yon lekòl segondè aplentan, anwolman doub, ap fè sesyon enfòmasyon/aplikasyon samdi 12 oktòb pou ane lekòl 2014-2015 nan de (2) kanpous (MDC):

  • North Campus, 11380 NW 27th Ave. a 9è dimaten nan Bilding 5, Lehman Theatre; ak
  • Wolfson Campus, 300 NE 2nd Avenue a 1è nan aprèmidi nan Bilding 1, Auditorium (1261).

An me 2013 Magazin Newsweek te klase SAS kòm sizyèm meyè Lekòl Segondè nan Amerik.

Yo envite tout elèv ki nan 10yèm ane eskolè kounye a ki gen yon mwayèn jeneral total 3.0 pwen minimòm pou aplike, e yo ka vin elijib pou admisyon lè yo fin satisfè tout demand pwogram nan, ki gen ladan resevwa nòt minimòm nan egzamen SAS pou antre nan kolèj. Lè kantite aplikan elijib la depase kantite plas ki disponib, yo pral itilize yon pwosesis seleksyon pa aza pou admèt aplikan ki elijib yo. Anwolman an limite.

Elèv ki prale nan SAS fini de (2) premye ane lekòl segondè yo pandan yo prale nan MDC e, nan pifò ka, yo gradye anmenmtan ak yon diplòm lekòl segondè e yon diplòm “Associate of Arts” (dezan kolèj) nan MDC. Elèv yo ap fè yon vrè eksperyans kolèj paske yo pran toude, kou anwolman doub kolèj yo ak kou Plasman Avanse lekòl segondè yo sou kanpous MDC a. Tout kou lekòl segondè yo nan nivo Plasman Avanse eksepte pou “pre-calculus” (pre-kalkil) ak rechèch. 

Elèv nan nenpòt lekòl segondè nan Miami-Dade County ka aplike. Yo resevwa ekolaj gratis, liv gratis, e si yo elijib, transpòtasyon nan otobis lekòl ak tren “Metrorail” Lekòl Leta Miami-Dade County finanse.

SAS lokalize nan kat kanpous MDC:  Homestead, Kendall, North ak Wolfson. Pou plis enfòmasyon oubyen pou aplike, rele 305-237-0510 oubyen vizite sit Entènèt SAS la nan: http://sas.dadeschools.net.

 

###

13-JS/204/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès