|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 23 septanm 2013
|
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
DEKLARASYON SIPÈENTANDAN LEKÒL MIAMI-DADE ALBERTO M. CARVALHO KONSÈNAN LÒD EGZEKITIF GOUVÈNÈ RICK SCOTT SOU “PARCC (PARTNERSHIP FOR ASSESSMENT OF READINESS FOR COLLEGE AND CAREERS)”
MIAMI – Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho di, “Estanda ki wo ak responsablite respektab dwe kontinye mete timoun nou yo nan yon bon pozisyon anvan nouvo ekonomi an parèt,” konsènan Lwa Gouvènè Rick Scott sou “Partnership for Assessment of Readiness for College and Careers (PARCC)” (Patenarya pou Evalyasyon Preparasyon pou Kolèj ak Karyè).”
“Nou dwe avanse avèk prekosyon nan adopsyon evalyasyon ki mezire estanda sa yo, pou asire nou gen responsablite fiskal, nan pran an konsiderasyon fon yo deja ogmante ak pri pou avanse pi lwen avèk nouvo evalyasyon yo. Avèk gwo chanjman sa yo ki afekte responsablite lekòl ak evalyasyon pwofesè ki ap apwoche, li enpòtan pou yo etabli yon peryòd tranzisyonèl ki bay tan rezonab pou asire sistèm yo fè yo valab, estab e enfòmatif. Nou dwe asire tou elèv ki gen andikap e elèv ki ap aprann lang Anglè yo entegre egalman e rezonableman nan kèlkeswa sistèm responsablite; sa sou ajanda mwen depi yo te premye konvoke ekip travay yo.”
###
013-JJS/205/JJS/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |