SIS PWOFESÈ M-DCPS AP RESEVWA SIPRIZ POU SALKLAS YO NAN EVÈNMAN ‘RANN YON JOUNEN MEYÈ’ OFFICEMAX Semèn sa a, sis pwofesè “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ki merite sa pral resevwa yon vizit sipriz OfficeMax ak direktè lekòl yo pou rekonpanse yo avèk founiti klasik ki vo $1,000 kòm pati 7yèm pwogram anyèl defans “A Day Made Better” (Rann yon Jounen Meyè) OfficeMax pou ede elimine lajan pwofesè depanse nan salklas. Gayan M-DCPS yo reprezante lekòl k ap suiv yo: Lekòl Elemantè Olympia Heights, Lekòl Elemantè Flagami, Lekòl Elemantè Pinecrest, Sant K-8 Kenwood, Lekòl Mwayen Allapattah ak Lekòl Mwayen Herbert A. Ammons. Yo pral pami 1,000 pwofesè direktè yo nonmen nasyonalman pou efò ekstrawòdinè yo nan salklas la. Pou pwofesè Ameriken regilye a, “ouvèti lekòl” vle di depanse apwoksimativman $1,000 pou founiti klasik ki esansyèl. OfficeMax ak AdoptAClassroom.org mete ansanm pou kreye “A Day Made Better” pou ede fasilite chaj pwofesè yo. Direktè yo te nonmen yon seleksyon pwofesè paske yo demontre pasyon, devosyon ak inovasyon nan salklas la. Depi 2007, pwogram “A Day Made Better” ak lòt pwogram “Goodworks” (Bon Travay) OfficeMax kontribye plis pase $25 milyon nan don ak founiti pou sipòte plis pase 31,000 pwofesè ak salklas yo. Anplis, atravè evènman anyèl la, OfficeMax ede patnè, ki pa la pou pwofi li a AdoptAClassroom.org jwenn fon pou plis pase 100,000 salklas atravè peyi a. Aprann plis sou ADayMadeBetter.com oubyen adopte yon pwofesè nan AdoptAClassroom.org. Pou plis enfòmasyon sou jounen evènman yo ak orè yo, kontakte Beth Cleveland, ADayMadeBetter@gmail.com.
### 13-JJS/206/DF/RL
|