POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 27 septanm 2013      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

PWOJÈ $10.7 MILYON A RESEVWA DON FINANSMAN INISYAL POU OFRI ELÈV MIAMI-DADE OPÒTINITE POU SYANS, TEKNOLOJI

Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho anonse yon pwojè $10.7 milyon ki pral ofri elèv Miami-Dade yo opòtinite pou chwa nouvo lekòl magnèt, resevwa don finansman premye ane li a nan men Depatman Edikasyon Etazini.

Carvalho di, “Fon sa yo pral sèvi kominote nou an nan ofri elèv yo opòtinite pou etidye ak materyèl kou espesyalize ki pral ede yo pandan yo ap prepare pou kolèj ak karyè.”

Lekòl Leta Miami-Dade County pral kreye de (2) nouvo lekòl segondè magnèt san fwontyè atravè tout distri a—BioTech @ Zoo Miami ak iTech @ Edison—ki pral pwomote edikasyon STEM “Science, Technology, Engineering and Math” (Syans, Teknoloji, Jeni ak Matematik) nan Distri a e ogmante opsyon chwa lekòl pou paran ak elèv yo.

Ak sipò $10.7 milyon don an, lekòl sa yo pral fè pati STEM: “Increasing Rigor and Relevance (STIRR)” (Ogmante Rigè e Aplikabilite), ki se yon pwojè twazan ki pral prezante metòd edikasyonèl inovatif e pratik ki adrese bezwen ak enterè elèv, e ki fèt pou amelyore akonplisman akademik pou tout elèv.

BioTech @ Zoo Miami (9-12 ane eskolè) pral fèt daprè siksè Pwogram Magnèt Zoo nan Lekòl Mwayen Richmond Heights pou kreye yon lekòl segondè magnèt STEM avèk yon konsantrasyon sou Konsèvasyon Biyoloji.  Elèv yo pral etidye sijè ki gen rapò a konsèvasyon resous ak jesyon sistèm ekolojik nan yon anviwònman ansèyman entèdisiplinè.  Atravè aktivite enstriksyonèl ki baze sou eksperimantasyon ak pwojè nan domèn nan, elèv yo pral travay nan salklas syans Zoo Miami ki gen 290 kilomèt kare ak plis pase 1200 animal egzotik, ak nan Fairchild Tropical Gardens, ki gen yon laboratwa rechèch dènye kri.  Elèv yo pral fè rechèch e evalye sijè global ak preyokipasyon ki gen rapò ak enpak imen sou divèsite biyolojik (jenetik, espès, ak ekosistèm) ki ap disparèt ak yon rapidite ekstrèm.  Lekòl la pral sèvi 800 elèv.

iTech @ Edison (9 -12 ane eskolè) pral konsantre sou teknoloji pou bay elèv yo opòtinite pou fè etid nan plizyè domèn e fini pwojè yo nan yon anviwònman ki sanble ak sa yo jwenn nan yon enfrastrikti biznis.  Pwogram nan pral ofri yon seri kou ki pral ofri yon pwogram klè e rijid, ki afilye avèk defi e konesans teknik ak ladrès apwopriye, yo bezwen pou prepare elèv pou karyè nan gwoup karyè enfòmatik “Geospatial Information Studies (GIS)” (Enfòmasyon Etid Jewografi Espasyal), “Enterprise Resource Planning (ERP)” (Planifikasyon Resous Antrepriz), ak “Microsoft Applications/Systems Engineer (iCode)” (Aplikasyon/Sistèm Jeni Microsoft).  Anplisde yon kourikoulòm ki afilye avèk Kolèj Miami Dade, elèv akademi yo pral gen opòtinite pou gen sètifikasyon endistriyèl e travay nan plas e akote teknisyen yo idantifye ki pral sèvi yo kòm sipòtè.  Lekòl la pral sèvi 1,000 elèv.

Kèk estrikti nan lekòl STIRR yo gen ladan: ansèyman ki baze sou pwojè, preparasyon karyè ak kolèj, yon jounen pwolonje, ak “Summer Bridge” (Koneksyon Ete)yon pwogram ete de (2) semèn yo ofri elèv ki pral antre nan nevyèm ane eskolè pou soulaje defi tranzisyon pou lekòl segondè a, e anmenmtan ofri yo estrateji pou siksè nan pwogram rigoure e konplèks STEM yo.

###                     

             13-JJS/207

Apwopo de “Magnet Schools Assistance Program (MSAP)”(Pwogram Asistans Lekòl Magnèt)
Depatman Edikasyon Etazini patwone “Magnet Schools Assistance Program (MSAP)” (Pwogram Asistans Lekòl Magnèt), ki se yon pwogram finansman Federal pou ofri elèv ekite ak chwa nan edikasyon lekòl leta.  Fon lekòl magnèt yo bay distri yo don jiska twazan.  Yo otorize Pwogram Asistans Lekòl Magnèt anba “Title V, Part A” nan Akò Lekòl Elemantè ak Segondè e se Biwo Inovasyon ak Amelyorasyon ki administre l.

 

 

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès