|
PWOJÈ SALKLAS M-DCPS ELIJIB POU FINANSMAN ATRAVÈ “FUEL YOUR SCHOOL PROGRAM” PANDAN MWA OKTÒB LA Pwojè salklas “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ka elijib pou finansman atravè pwogram “Fuel Your School” (Founi Lekòl Ou a). Chevron ap bay $1, jiska $500,000, pou jadendanfan-12yèm ane eskolè nan lekòl leta lè kliyan achte uit oubyen plis galon gas nan estasyon Chevron ak Texaco nan Miami-Dade County ki ap patisipe, pandan mwa oktòb la. Pwogram Fuel Your School la pral finanse pwojè salklas ki elijib pwofesè lekòl Leta Miami-Dade soumèt 1ye septanm jiska 30 novanm nan DonorsChoose.org pou founiti ak materyèl elèv, jiska $2,000.* Anplis Miami-Dade County, kolaborasyon Chevron ak DonorsChoose.org ap entwodui Pwogram Fuel Your School nan plis pase yon douzèn lòt zòn metwopoliten Ozetazini. Pou yon lis estasyon gazolin nan Miami-Dade ki ap patisipe e pou suiv pwogrè sou pwojè salklas yo finanse, vizite www.FuelYourSchool.com. * Daprè demand DonorsChoose.org yo, pwofesè ki gen plis pase 4 pwen sou DonorsChoose.org ka mande materyèl jiska $2,000 e tout lòt pwofesè ka mande yon maksimòm $800. Wè DonorsChoose.org pou detay.
### 13-JJS/208/DF/RL
|