|
POSSE MIAMI AP ONORE SIPÈENTANDAN CARVALHO Posse Miamipral onore Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho nan evènman 2013 “Power of 10” (Pouvwa nan 10) li a. Power of 10 se evènman koleksyon fon espesyal Posse Miami ki rekonèt fòs yon “Posse” (Gwoup) 10 elèv dinamik e selebre divèsite nan edikasyon siperyè ak mond travay la. Yo ap rekonèt Sipèentandan Carvalho pou travay filantwopik li ak travay li nan kominote a pou byennèt jèn moun. Evènman an ap fèt 9 oktòb a 6è pou 8è diswa nan New World Center, 500 17th Street, Miami Beach, FL. Fondasyon Posse A, yo te fonde an1989, idantifye elèv dènye ane lekòl segondè ki gen potansyèl pou dirije ak kapasite akademik estrawòdinè pwosesis seleksyon pou kolèj tradisyonèl ka pa remake. Nan travay avèk enstitisyon ki asosye ak li yo, Posse lè sa a, etann opòtinite bay elèv sa yo pou yo pousuiv ekselans endividyèl e akademik nan mete yo nan ekip Gwoup 10 elèv Posse ki sipòtif e miltikiltirèl.
### 013-JJS/209/VVL/RL
|