POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 9 oktòb 2013    

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

DON POU BENEFISYE ANTREPRENÈ M-DCPS

Fondasyon John S. and James L. Knight te fè dejene/prezantasyon chèk “Network for Teaching Entrepreneurship (NFTE)” (Rezo pou Ansèyman Antreprenarya)Sid Florid ki Ap Sipòte Pwogramasyon Salklas Dijital nan Lekòl Leta Miami-Dade County

KIYÈS: 
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, reprezantan ki soti nan Fondasyon John S. and James L. Knight ak NFTE Sid Florid, elèv, ak gouvènman, edikasyon, ak lidè kominotè
KISA:

Krake Kòd la! Eveye Antreprenarya atravè Teknoloji avèk Jèn nou yo Dejene/Prezantasyon Chèk ak Prezantasyon sou Plan Biznis Elèv

KILÈ: 

Lendi 14 oktòb 2013
8è – 10è dimaten

KI KOTE: 

iPrep Academy
1500 Biscayne Boulevard
Miami, FL 33132

POUKISA:

Fondasyon John S. and James L. Knight te resamman bay yon prim don $200,000 pou NFTE Sid Florid pou sipòte pwogramasyon Salklas Dijital pou benefisye jèn antreprenè M-DCPS.  Salklas Dijital se yon nouvo inisyativ NFTE a pou kreye yon rezo antreprenarya jèn 21yèm syèk ki favorize teknoloji.  M-DCPS pran angajman pou l asire elèv jwenn aksè a teknoloji 21yèm syèk e yon anviwònman edikasyonèl dekalite.

# # #

  13-JJS/211/VVL/RL

Retounen sou Nòt pou Laprès