POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 14 oktòb 2013      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AK SENDIKA PWOFESÈ DADE JWENN YON AKÒ PWOVIZWA

“Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) jwenn yon akò pwovizwa jodi a nan negosyasyon kontra pou plis pase 21,000 pwofesè ak 4,600 anplwaye sipò ak anplwaye biwo.  Modèl salè pwovizwa a pral fasilite yon tranzisyon inifye soti nan echèl salè ki gen kounye a pou rive nan echèl “grandfathered” (echèl salè yon distri lekòl adopte avan 1ye jiyè 2014) ak echèl ki baze sou pèfòmans pou ane lekòl 2014-2015 la.      

Sipèentandan Alberto M. Carvalho di, “Jodi a se yon jou kapital pou pwofesè.  Lè nou konbine ogmantasyon konpansasyon yo ak yon bonjan pake benefis, sa pral rekonpanse moun ki gen pi gwo enpak sou avni elèv nou yo: pwofesè ak anplwaye sipò nou yo.”         

Malgre mank finansman bò kote Tallahassee, modèl salè a asire mwayèn ogmantasyon salè debaz pou pwofesè    anba akò pwovizwa a se 4.26 pousan.  Adisyonèlman, tout pwofesè ki ap travay kounye a pral resevwa ogmantasyon konpansasyon ki prèske rive nan $2,500 atravè yon melanj sa ki ap suiv yo: ogmantasyon salè debaz, peman siplemantè yon fwa, ak peman pou pèfòmans “Race to the Top” (Kous pou Antèt).    

Tout pwofesè ap elijib pou peman pou pèfòmans “Race to the Top” la.  Yo ap bay yon total $20 milyon, avèk prim endividyèl ki kòmanse apwoksimativman a $1,000 jiska $4,000.  Lè yo melanje salè debaz la ak peman pou pèfòmans “Race to the Top”, mwayèn ogmantasyon salè debaz anba akò sa a pou pwofesè se 6.51 pousan.         

Pèsonèl sipò enstriksyonèl (parapwofesyonèl, ajan sekirite, ak anplwaye biwo UTD) pral resevwa tou yon ogmantasyon salè 2.3 pousan plis yon sipleman $331 yon fwa.         

Depans total pou pwopozisyon salè sa a pou toude, pwofesè ak anplwaye sipò edikasyonèl, se $70 milyon          (ki gen ladan peman pou pèfòmans “Race to the Top”).    

Kòmanse 1ye jiyè 2014, Florid ap mande tout distri pou yo genyen de (2) sistèm konpansasyon: yon sistèm peman pou pèfòmans pou pwofesè ki gen kontra anyèl e yon systèm “grandfathered” pou pwofesè ki gen kontra sèvis pwofesyonèl ki ap kontinye.  Yo ap sèvi avèk pi gwo ogmantasyon nan sistèm “grandfathered” la pou mezire ogmantasyon pou pwofesè ki sou echèl peman pou pèfòmans la.  Pou fasilite tranzisyon an, de pati yo dakò pou yo itilize yon langaj ki ap fasilite kreyasyon echèl sa a nan mwa ki ap vini yo.   

Malgre ogmantasyon $60 milyon yo prevwa ki pral genyen nan pri asirans sante, akò pwovizwa a pèmèt yo kenbe yon opsyon asirans sante san frè pou anplwaye e kontinye sibvansyone kouvèti asirans pou depandan yo.    

Akò pwovizwa sa a sou wout pou jwenn ratifikasyon manm UTD yo e apwobasyon Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County.       

 

###

2013-JJS/216/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès