POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 17 oktòb 2013    

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ERNST & YOUNG PRAL ENVESTI $10,000 AK 800 ÈDTAN VOLONTÈ POU ELÈV LEKÒL  SEGONDÈ BOOKER T. WASHINGTON   

Vandredi 18 oktòb, antrepriz sèvis pwofesyonèl “Ernst & Young (EY)” pral fè patenarya avèk  “Network for Teaching Entrepreneurship (NFTE)” (Rezo pou Ansèyman Antreprenarya) pou anseye 620 elèv Lekòl Segondè Booker T. Washington antreprenarya e pou ba yo fòmasyon debaz sou finans pandan 4yèm Ane “Connect Day” (Jounen Koneksyon) EY.  Evènman an, ki ap kòmanse a 8:30 dimaten e kontinye jiska midi, ap fèt nan lekòl la, 1200 N.W. 6th Ave., Miami, 33136.     

“Connect Day” bay yon opòtinite anyèl pou anplwaye reyini avèk kòlèg yo pou yon jounen sèvis kominotè e pou yo selebre pandan y ap adrese pilye kominote a – edikasyon, antreprenarya ak anviwònman.  Kòm yon pati nan evènman sa a, EY ap envesti plis pase $10,000 e plis pase 800 èdtan volontè pou sipòte lekòl la.     
 
Elèv yo pral aprann pou devlope yon pwodui, detèmine “Economics of One Unit” (metòd pou detèmine si yon pwodui ka fè pwofi) e prepare yon reklam pou pwodui yo a.  Atravè aktivite entèraktif, elèv yo pral aprann kijan pou yo finanse edikasyon yo apre lekòl segondè, ki gen ladan aplike pou bousdetid, ak kalite don ak opsyon ki disponib.           
                                            
Anplis, volontè yo pral reyalize pwojè anbelisman lekòl la, anba direksyon atis renome David Lavernia, ki pral desine sou yon mi twa gwo tablo motivasyonèl elèv yo te kreye. Volontè “City Year” pral ofri volontè “EY” yo sipò adisyonèl.           

 

###

13-JS/218/HD/CM

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès