|
EVÈNMAN ESPESYAL POU SELEBRE ANIVÈSÈ PASAJ BON AN Yon seri evènman espesyal pral fèt atravè Miami-Dade County nan de semèn ki ap vini yo, pou selebre pwogrè ki fèt depi votè yo te pase referandòm Bon Obligasyon Jeneral la yon fason eksepsyonèl pou modènize e bati bilding lekòl atravè distri a, elaji kapasite elèv yo, ranfòse sekirite nan lekòl yo e ofri modènizasyon teknolojik nan tout lekòl. Amelyorasyon ak konstriksyon nouvo bilding pou andwa lekòl yo ap mache trè byen nan pwosesis planifikasyon an, an preparasyon pou konstriksyon. Nou enstale nouvo enfrastrikti sanfil nan anpil lekòl, nan prepare chemen pou lekòl nou yo antre nan laj dijital la. Si nou pwofite teknoloji ak anviwònman enstriksyon dijital ki genyen jodi a totalman, e si nou ranplase oubyen modènize bilding lekòl ki ansyen yo, n ap ede asire tout elèv gen aksè a pwogram akademik dènye kri ak mezi sekirite e pwoteksyon modèn. Paran ka jwenn enfòmasyon sou amelyorasyon ki ap fèt nan lekòl pitit yo nan pale avèk direktè lekòl la oubyen nan vizite bondsforschools.dadeschools.net. Inisyativ Lekòl 21yèm Syèk la ofri pwosperite ak sekirite nan kominote a, pandan lajan ki ap soti andeyò konte a pral envesti nan ekonomi lokal la, e kreye travay pou rezidan Miami-Dade yo. Kounye a li posib pou Distri a adrese bezwen lekòl ki ansyen yo e finanse teknoloji dènye modèl pou tout lekòl. Kòm rezilta pou tout envestisman sa a, elèv yo pral pi byen prepare pou ekonomi global 21yèm Syèk la. Evènman yo pwograme yo gen ladan: lendi 28 oktòb 2013 mèkredi 30 oktòb 2013 jedi 31 oktòb 2013 vandredi 1ye novanm 2013 lendi 4 novanm 2013 Jedi 14 novanm 2013
### 13-JJS/222/DF/CM
|