|
***DIFIZYON FOTO*** SIPÈENTANDAN M-DCPS ALBERTO M. CARVALHO “Americans for the Arts” (Ameriken pou Etid ak Pwomosyon Ar) te onore Sipèentandan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) Alberto M. Carvalho avèk Prim Edikasyon sou Ar 2013 lendi nan New York. Lòt moun yo te onore yo gen ladan mizisyen “blues” B.B. King, aktris Dakota Fanning, filantwòp Mary Pappajohn ak eskiltè Joel Shapiro. Carvalho te resevwa onè sa a paske li toujou ap fè efò pou l sipòte edikasyon sou ar. Pandan pi move tan ekonomik peyi nou an konnen nan jenerasyon sa a, Carvalho pa janm menm yon fwa ranvwaye yon pwofesè oubyen elimine pwogram ar akoz mank finansman. Li se yon sipòte pasyone pou ar e kòm sipèentandan li te lanse Pwogram Paspò Kiltirèl, yon inisyativ edikasyonèl ki ofri tout elèv klas jadendanfan rive nan 12yèm ane eskolè, yon diferan eksperyans nan domèn kiltirèl chak ane lekòl. Pandan y ap pousuiv edikasyon yo, tout elèv gen opòtinite pou vizite mize ak galri ar, e eksperimante pèfòmans andirèk nan mizik, teyat, ak dans. Yo te fonde “American for the Arts” an 1960 e li se òganizasyon ki pa la pou pwofi ki fè plis efò nan peyi a pou pwogrè ar ak edikasyon sou ar. Prim anyèl la rekonèt atis ak lidè ar ki demontre kapasite pou dirije ki egzanplè nan nivo nasyonal ak akonplisman atistik ekstrawòdinè atravè travay yo. Pou plis enfòmasyon, vizite www.americansforthearts.org Nòt Editè a: Atachman foto. Gitaris Buddy Guy, B.B. King ak Alberto M. Carvalho Alberto M. Carvalho t ap adrese foul la pandan Seremoni Prim Ar Nasyonal 2013 la Alberto M. Carvalho kenbe Prim Nasyonal Ar 2013 De moun ki resevwa Prim Nasyonal Ar 2013: Aktris Dakota Fanning ak Alberto M. Carvalho Kredi pou foto yo: Will Ragozzino/BFAnyc.com & Joe Schildhorn/BFAnyc.com
### 13-JS/224/GC/RL
|