POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 22 oktòb 2013

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV M-DCPS RANPÒTE PI GWO PRIM NAN KONPETISYON AR ATRAVÈ ETA A

De elèv Lekòl Leta Miami-Dade County ranpòte pi gwo prim yo bay atravè eta a nan Konpetisyon Ar ak Redaksyon “Waterventures” e yo pral onore yo, ansanm ak lekòl respektif yo, nan yon seremoni apresyasyon jedi 24 oktòb. “Waterventures” se yon laboratwa ansèyman mobil entèraktif, ki ekipe ak aktivite anrichisan e atiran ki ofri rega pratik sou divès basen vèsan Florid, konsèvasyon dlo ak resiklaj.  Konpayi “Zephyrhills Natural Spring Water” ak “Nestlé Waters” patwone konpetisyon an.

Yo nonmen Stephanie Martinez ki soti nan Sant K-8 Campbell Drive kòm gayan pi gwo prim nan. Li pral resevwa yon chèck prim $500, ki gen ladan tou $5,000 donasyon pou lekòl li a.  Alexander Moody, yon ansyen elèv nan Akademi K-8 Hubert O. Sibley, ranpòte premye plas la ak yon prim $300. Prim nan fè Sibley K-8 jwenn yon donasyon $3,000.

Toude seremoni prezantasyon chèck yo pral fèt jedi 24 oktòb nan de andwa:

•  8:30 – 10:30 dimaten
Campbell Drive K-8
15790 S.W. 307 St.
Miami, FL 33033
(Nan lakou lekòl la)

•  1è nan aprèmidi
Akademi Hubert O. Sibley K-8
255 N.W. 115 St.
Miami, FL 33168
(Nan Sant Medya a)

Pou plis enfòmasyon kontakte Doktè Millard Lightburn, Sipèvizè Syans, Lekòl Leta Miami-Dade County, nan 305-995-1939.

###

13-JS/226/HD

[OPÒTINITE POU PRAN FOTO]:  LABORATWA ANSÈYMAN MOBIL “WATERVENTURES FLORID” LA – yon sant syans entèraktif yo bati nan yon demi-trelè 53-pye – ap nan toude lokasyon yo.

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès