|
M-DSPD TE PATISIPE NAN KONFERANS ASOSYASYON CHÈF POLIS ENTÈNASYONAL “Miami-Dade Schools Police Department (M-DSPD)” (Depatman Polis Lekòl Miami-Dade) te patisipe nan 120yèm Konferans Anyèl “International Association of Chiefs of Police (IACP)” (Asosyasyon Entènasyonal Chèf Polis) ak Ekspozisyon Edikasyon sou Aplikasyon Lalwa ak Teknoloji, ki te fèt 19 -23 oktòb nan Filadèlfi. Konferans IACP a te gen ladan oratè espesyal renome, fowòm ak atelye teknik, e pi gwo salon ekspozisyon pwodui ak sèvis nan kominote aplikasyon lalwa a. Premye evènman aplikayson lalwa sa a te ofri plizyè milye pwofesyonèl devwe atravè peyi a e toupatou nan mond lan yon fowòm konsantre pou aprann ki ekspesyonèl, kolabore e eksperimante nouvo teknoloji. Delege ki soti nan ajans lokal, eta, konte, tribi ak federal te rankontre avèk plis pase 20,000 manm nan Konferans ak Ekspozisyon Anyèl IACP a, pandan yo t ap adrese sijè kritik aplikasyon lalwa, avanse konesans yo ak karyè yo, e ekipe fonksyon yo pou lavni.
### 13-JS/229/GC/RL
|