POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 24 oktòb 2013      

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

‘FLORIDA AFTER SCHOOL ALLIANCE’ (ALYANS SWEN APRÈ LEKÒL FLORID) NONMEN YON PWOFESÈ M-DCPS SIPÈVIZÈ ANDWA POU ANE A

Resamman “Alyans Swen Aprè Lekòl Florid” te nonmen Susan G. Gonzalez, yon pwofesè ki soti nan Lekòl Elemantè Miami Gardens, kòm benefisyè 2013 Prim Ekselans Sipèvizè Andwa pou Ane a pou jesyon li nan “Afterschool Achiever’s Academy,” ki se yon Sant Aprantisaj 21yèm Syèk, Depatman Edikasyon Florid finanse avèk don.

Gonzalez, yon pwofesè Sètifikasyon Nasyonal, resevwa prim nan pandan 23yèm konferans anyèl prim alyans la nan Orlando. Li sèvi kòm sipèvizè pwogram nan pou twazan e li se yon defansè pou koz timoun. Gonzalez se yon manm tou nan Konsil Konsèy Lekòl pou Ekselans nan Edikasyon, Asosyasyon Paran Pwofesè, Konsil Lekti Florid, e yon manadjè don pou Akademi Leson Patikilye “Title III” pou Moun ki ap Aprann Lang Anglè nan andwa lekòl li a. 

Pwogram swen aprè lekòl la sèvi 80 elèv lekòl elemantè revni ba nan kominote Miami Gardens. Li ofri opòtinite inik atravè platfòm kourikoulòm ki baze sou kalite sipèryè. Pwogram nan ofri elèv yo eksperyans inik tankou rankont pratik ak bèt nan fèm.

 

###

13-JS/230/HD/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès