POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 30 oktòb 2013     

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN PLC ‘LEKÒL SIPÈB’ IMAGINE NATION

Imagine Learning, Inc. chwazi “Miami-Dade County Public Schools’ Primary Learning Center (PLC)” (Sant Aprantisaj Primè Lekòl Leta Miami-Dade County) a pou nonmen li kòm Imagine Nation “Super School” (Lekòl Sipèb) 2012-2013 la. PLC a merite distenksyon an pou akonplisman ekstrawòdinè li ak ankourajman nan enstriksyon lang ak literati atravè itilizasyon Imagine Learning.
 
Imagine Learning se yon pwogram enstriksyon lang ak literati inovatif ki ofri lekòl yo pwogram òdinatè edikasyonèl ki resevwa prim.  Enstriksyon youn a youn li a pwomote akonplisman pèsonèl pandan li angaje elèv yo nan aktivite ak leson amizan.

 

###

013-JJS/232/VVL/CF

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès