|
SIPÈENTANDAN CARVALHO AP PREZANTE DISKOU PRENSIPAL Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho pral prezante diskou prensipal la nan Reyinyon Anyèl ACT a nan Iowa City, Iowa jodi a. Carvalho pwograme pou l pale sou siksè Lekòl Leta Miami-Dade County, karaktè chanjman sosyete a jan yo demontre li nan Miami-Dade, ak defi e opòtinite chanjman sa yo prezante. Carvalho pral pale devan yon odyans apwoksimativman 1,000 moun, ki gen ladan Konsèy Administrasyon ACT, anplwaye, ak reprezantan eta a, e ofisyèl lekòl ak gouvènman lokal. ACT se yon òganizasyon ki pa la pou pwofi ki devwe nan ede moun nan akonpli siksè nan edikasyon ak nan travay e ogmante preparasyon pou kolèj ak karyè. # # # 013-JJS/233/VVL/RL |