POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 30 oktòb 2013      

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

M-DCPS PRAL FÈ EVÈNMAN LANSMAN BON OBLIGASYON JENERAL

KIYÈS: 
Anplwaye Lekòl Leta Miami-Dade County, elèv, paran ak sitwayen ki enterese
KISA:
Evènman Lansman Bon Obligasyon Jeneral
KILÈ: 

Jedi 31 oktòb 2013
9è dimaten

KI KOTE: 

Gertrude K. Edelman/Sabal Palm Elementary School
17101 N.E. 7th Avenue
North Miami, FL 33162  

POUKISA:

Yon seri evènman lansman pral fèt atravè Miami-Dade County nan de semèn ki ap vini yo.  Votè te pase ak yon gwo majorite $1.2 milya Referandòm Bon Obligasyon Jeneral pou modènize e bati bilding lekòl atravè distri a, elaji kapasite elèv yo, ranfòse sekirite nan lekòl yo e ofri modènizasyon teknolojik nan tout lekòl.

Amelyorasyon ak konstriksyon nouvo bilding pou andwa lekòl yo ap mache trè byen nan pwosesis plan an, an preparasyon pou konstriksyon.  Nou enstale nouvo enfrastrikti sanfil nan anpil lekòl, nan prepare chemen pou lekòl nou yo antre nan laj dijital la. 

 

 

# # #

13-JJS/236/DF/SD

Retounen sou Nòt pou Laprès