|
YO REKONÈT M-DCPS KÒM YOUN NAN MEYÈ ITILIZATÈ DONE AK EVIDANS NAN PEYI A POU AMELYORE KOMINOTE “Results for America,” yon inisyativ “America Achieves,” ak “The Bridgespan Group” te rekonèt “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) kòm youn nan lidè peyi a nan jwenn meyè rezilta pou sitwayen yo atravè itilizasyon done ak evidans. Nan yon papye yo te difize resamman, yo te mete aksan sou M-DCPS kòm yon egzanp prensipal pou fason li devlope evidans sou pratik, règ, ak pwogram ki pi efektif e efikas; envesti dola limite takspeyè nan pwogram ki demontre yo travay; e retire fon nan sa ki konstamman ap fè echèk pou akonpli rezilta ki mezirab. Baze sou nouvo rechèch apwofondi ak yon konpilasyon 45 entèvyou avèk lidè nan inovasyon, papye a, ki gen pou tit “Geek Cities: How Smarter Use of Data and Evidence Can Improve Lives” (Vil Ki Fò nan Enfòmatik: Kòman Itilizasyon Done ak Evidans Ka Amelyore Lavi) yo rekonèt gen sis egzanp ki enpòtan pou nou imite. Lekòl Leta Miami-Dade County, Baltimore, Denver, New York, Providence ak San Antonio alavangad nan amelyore rezilta nan kominote yo nan etabli nouvo tandans sou fason yo ka itilize done ak evidans pou ogmante efikasite, konsantre sou pwogram ki bay rezilta siksè e retire resous nan pwogram ki pap fè siksè yo. Sa yo rekonèt yo ap konpile yon baz ki chita sou evidans e y ap etabli yon estanda pou itilize done sou sijè ki gen ladan edikasyon, travay, devlopman jèn, e prevansyon mòtalite anfantil.
### 13-JJS/238/DF/SD
|