POUKISA: |
Fwa Kolèj ak Karyè a pèmèt elèv, paran, ak lòt manm nan kominote a rankontre avèk diferan kolèj ak inivèsite e jwenn repons pou kèsyon yo. Anplis, yo ka jwenn enfòmasyon sou plizyè pwogram Sant Edikasyonèl Miami Lakes ofri aprè lekòl segondè. Ap gen yon sesyon enfòmasyon sou èd finansyè reprezantan uAspire ap prezante.
Depatman Karyè ak Edikasyon Teknik ak Sant Edikasyonèl Miami Lakes – Sant Teknik Lekòl Miami-Dade County fè tout posib yo pou enfòme e edike elèv, paran, ak kominote a sou opòtinite ki disponib nan enstitisyon edikasyon siperyè lokal ki nan kominote nou an.
Depatman Karyè ak Edikasyon Teknik an patenarya avèk Divizyon Edikasyon Adilt kenbe angajman li pou ofri elèv lekòl segondè e adilt yon kantite opsyon pou yo ka pran desizyon daprè enfòmasyon sou kolèj ak karyè.
|