|
YO REKONÈT M-DCPS POU KOURIKOULÒM ISTWA AFRIKEN AMERIKEN EGZANPLÈ MIAMI – Komite “Task Force” sou Istwa Afriken Ameriken Florid te rekonèt resamman “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) paske li genyen yon kourikoulòm istwa Afriken Ameriken egzanplè. Yo te baze kondisyon egzanplè Distri a sou plizyè kritè, ki gen ladan men ki pa limite a yon plan enplemantasyon istwa Afriken Florid ak Afriken Ameriken Komisyon Konsèy Lekòl la apwouve pou enstriksyon obligatwa; devloplman pwofesyonèl estrikstire ak livrezon enstriksyon; evidans kolaborasyon inivèsite/distri lekòl, ak patenarya paran/kominote. M-DCPS te pami dis distri lekòl Florid yo rekonèt. Komite “Task Force” Florid sou Istwa Afriken Ameriken se yon defansè pou distri lekòl Florid yo nan enplemante ansèyman istwa Afriken Ameriken. Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Sa fè lontan Lekòl Leta Miami-Dade County se yon defansè pou enstriksyon ki selebre kontribisyon istorik e kontanporen moun tout etnisite… Kourikoulòm istwa Afriken Ameriken konpreyansif Distri a ak kondisyon rekonesans egzanplè resan nan men eta a demontre angajman nou pou n delivre enstriksyon akademik divès ki enpòtan atravè tout yon seri matyè.” Malgre yo obsève Mwa Istwa Nwa nasyonalman an fevriye, kourikoulòm istwa Afriken Ameriken Lekòl Leta Miami-Dade County trese nan tout sijè yo pandan ane akademik la. Mwa Nasyonal Istwa Nwa ofri lekòl opòtinite adisyonèl pou souliyen e selebre istwa Afriken Ameriken nan tout lekòl leta Miami-Dade yo.
### 13-JS/247/TTR/RL
|