POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 14 novanm 2013       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YON DIREKTÈ LEKÒL M-DCPS GENYEN YON ONÈ EDIKASYON PRESTIJYE $10,000

Direktè Lekòl Segondè Coral Gables Adolfo Costa te resevwa Prim Prestijye 2013 Leonard Miller   “Principal Leadership” (Direktè ki Konn Dirije) nan men Konsil pou Chanjman nan Edikasyon Jodi a pandan yon dine nan “University of Miami, Newman Alumni Center.”

Li se youn nan twa direktè yo rekonèt pou kontribisyon ekstrawòdinè yo pote nan domèn edikasyon.  Lòt de (2) finalis yo Kyle Dresback nan Lekòl Segondè Allen D. Nease nan St. Johns County ak  Robert McCue nan Lekòl Segondè South Lake nan Lake County ki te resevwa yo chak $5,000.

Konsil pou Chanjman nan Edikasyon, yon òganizasyon charitab ki baze nan Florid e ki gen kòm objektif ogmante kalite edikasyon piblik, prezante 11yèm Prim Anyèl Leonard Miller “Principal Leadership.”  Nan memwa Leonard Miller, Konsil la te etabli prim nan pou rekonèt kontribisyon ekstrawòdinè direktè yo pote nan avansman edikasyon nan Eta Florid.  Chak ane, Konsil la ofri   $10,000 pou yon direktè ki merite l kòm gayan Prim Leonard Miller “Principal Leadership” pandan li  ap rekonèt Finalis Meday Lò yo pou ekselans yo nan kesyon dirije.  

Atravè pwogram li yo, Konsil pou Chanjman nan Edikasyon sèvi plis pase 1,550,000 elèv, 67 distri, e li devlope 5,000 lidè ki baze nan lekòl.

 

###

13-JJS/251/DF/CM   

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès