|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 15 novanm 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
SEREMONI KOUPE-RIBAN POU MAKE OUVÈTI OFISYÈL
PWOJÈ “UP-START SHOP”, 18 NOVANM
|
Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County Alberto M. Carvalho, manm Komisyon Konsèy Lekòl ak anplwaye, manm Konsèy Administrasyon Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon, Enk., Lidè Kominotè pou Moun Sanzabri, donatè, founisè inifòm, ak volontè
|
|
Seremoni Koupe-Riban ak Ouvèti Nouvo Pwojè “UP-START Shop” M-DCPS |
KILÈ: |
Lendi 18 novanm 2013
11è dimaten
|
KI KOTE: |
School Board Administration Building Annex
1501 N.E. 2nd Ave. Rm. 342
Miami, FL 33132
*Aksè pou twazyèm etaj Bilding Anèks la se atravè asansè sal atant Garaj la: 155 N.E. 15th Street
|
POUKISA: |
Nan ane lekòl 2012-13 la, yo te idantifye prèske 6,600 elèv ki prale nan Lekòl Leta Miami-Dade kòm moun ki sanzabri. Pwogram Asistans Moun Sanzabri Sèvis Divizyon Elèv Distri a: Pwojè “UP-START” travay avèk elèv e fanmi k ap viv nan sitiyasyon tranzisyonèl oubyen ki sanzabri. Yo bezwen yon andwa espesyal kote yo ka “achte” rad, soulye, ak akseswa pou “prom” (bal elèv k ap fini lekòl), entèvyou pou travay, kolèj, ak pou lavi chak jou.
|
# # #
13-JS/252/HD/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |