|
YO PLASE LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY SOU 4YÈM LIS ONÈ ANYÈL DISTRI AP® “COLLEGE BOARD” LA E YO NONMEN LI MEYÈ DISTRI PLASMAN AVANSE POU ANE A Yo rekonèt distri a pou ogmantasyon aksè ak pèfòmans, patikilyèman pou elèv minoritè ki tradisyonèlman pa jwenn ase sèvis Miami, Fla. — Lekòl Leta Miami-Dade County se youn nan 477 distri lekòl “College Board” (Komisyon Kolèj) la ap onore nan Etazini ak Kanada avèk plasman sou 4yèm Lis Onè Anyèl Distri AP® pou ogmantasyon aksè pou kou AP® pandan li ap, anmenmtan, kenbe oubyen ogmante pousantaj elèv ki ap resevwa nòt 3 oubyen plis nan Egzamen AP yo. Rive nan nivo objektif sa yo endike distri a ap idantifye avèk siksè elèv ki motive, akademikman prepare, e ki gen plis chans pou yo benefisye de travay kou AP rijid yo. Ou ka jwenn 4yèm Lis Onè Anyèl Distri AP a okonplè si w klike la a. Nan Lis Onè AP a, yo te chwazi twa Meyè Distri AP pou Ane a, youn pou chak kategori gwosè popilasyon distri (piti, mwayèn, gwo), pou akonplisman yo nan ekite ak ekselans. Pami lekòl ki gen gwo popilasyon yo, Lekòl Leta Miami-Dade County te akonpli pi gwo ogmantasyon nan patisipasyon ak pèfòmans AP pase nenpòt lòt distri nan Etazini nan twa dènye ane akademik yo. Siksè sa yo nan ogmantasyon aksè ak pèfòmans AP patikilyèman, gen anpil valè pami popilasyon elèv distri a ki tradisyonèlman pa jwenn ase sèvis. Sipèentandan Miami-Dade Alberto M. Carvalho di, “Resevwa Prim Plasman Avanse Distri a souliyen enpòtans pou edike elèv nou yo pou yo vin lidè nan ekonomi global nou an alavni… Siksè Miami-Dade yo se egzanp poukisa li enpòtan pou ofri yon gwo varyete opòtinite pou elèv yo patisipe nan kou Plasman Avanse ki rijid, san yo pa gen okenn laperèz enstitisyonèl pou rezilta pèfòmans yo. Ouvri aksè pou ofri kou AP ranfòse elèv pou yo trase pwòp chemen yo nan yon mond ki mande pou etabli ladrès global ki sofistike. Elèv AP nou yo ak pwofesè yo deja leve defi entèlektyèl sa a, moun te panse ki te enfranchisab yon lè, e yo fè l tounen yon reyalite. Pandan peryòd 2011 a 2013, Lekòl Leta Miami-Dade County:
Trevor Packer, vis prezidan kad siperyè AP ak Enstriksyon nan “College Board” la di, “Nou felisite edikatè devwe nan Lekòl Leta Miami-Dade County dèske yo ouvri aksè nan AP e opòtinite bay pi gwo popilasyon elèv li a… Prim sa a ap pwobableman enspire lòt edikatè atravè peyi a ki kwè tou yon popilasyon elèv ki pi divès pare pou kalite rijidite ki pral prepare yo pou siksè nan kolèj.” Ede plis elèv aprann nan yon nivo ki pi wo e resevwa nòt AP ki pi wo se yon objektif pou tout manm komite AP a, soti nan pwofesè AP pase sou administratè distri e lekòl rive sou pwofesè kolèj. Anpil distri ap eksprimante yon varyete inisyativ ak estrateji pou detèmine kòman elaji aksè e anmenmtan amelyore pèfòmans elèv. An 2013, plis pase 3,300 kolèj ak inivèsite toupatou nan lemond te resevwa nòt AP pou kredi kolèj, plasman avanse e/oubyen konsiderasyon nan pwosesis admisyon an, avèk plizyè kolèj ak inivèsite nan Etazini ki ofri kredi nan youn oubyen plis sijè pou kalifye pou nòt AP. Nan kèlke mwa, yo ap pwograme yon evènman medya pou onore Miami-Dade kòm chwa “College Board” la pou Meyè Distri Plasman Avanse pou Ane a. Yo ap anonse lòt de (2) distri gayan yo — yon mwayèn ak yon piti — anvan lontan. Apwopo Lekòl Leta Miami-Dade County Apwopo Pwogram Plasman Avanse® Pwofesè kèk nan meyè kolèj ak inivèsite nan peyi a evalye e apwouve silabis pwofesè AP yo, e se pwofesè kolèj ak pwofesè eksperimante ki devlope e korije egzamen AP yo. Majorite kolèj ak inivèsite katran nan Etazini bay kredi, plasman avanse, oubyen toude, sou baz nòt reyisit nan Egzamen AP yo – plis pase 3,600 enstitisyon atravè lemond resevwa anyèlman nòt AP. Nan dis dènye ane yo, patisipasyon nan Pwogram AP plis pase double e gradye ki fè siksè nan Egzamen AP yo prèske double. An me 2013, 2.2 milyon elèv ki reprezante 18,920 lekòl atravè lemond, toude, piblik e sa ki pa piblik, te pran apwoksimativman kat milyon Egzamen AP. Apwopo Komisyon Kolèj la
### 13-JJS/253/RL/CM
|