|
AKADEMI ENFÒMATIK NAN LEKÒL SEGONDÈ MIAMI CENTRAL RESEVWA REKONESANS NASYONAL Akademi Enfòmatik Lekòl Segondè Miami Central resevwa rekonesans nasyonal kòm yon pwogram modèl nan men “National Career Academy Coalition” (Kowalisyon Akademi Karyè Nasyonal) nan konferans nasyonal li a ki te fèt resamman nan Phoenix. Yo resevwa distenksyon trè dezire sa a nan sibi yon pwosesis ki te gen ladan preparasyon entans e yon etid ann ekip ki fèt sou plas. Akademi karyè sa yo ki baze sou tèm endistri sipòte ladrès devlopman ak sansibilizasyon sou karyè ki gen rapò ak youn oubyen plis nan endistri “One Community One Goal” (Yon Kominote Yon Bi) yo vize yo. Elèv ki enskri nan pwogram akademi karyè yo resevwa sètifikasyon endistriyèl ki ba yo yon avantaj nan pwosesis aplikasyon pou karyè ak kolèj; patisipe nan estaj ann ete; fè rezo avèk biznis ak lidè kominotè; patisipe nan pwojè sèvis kominotè; e yo elijib pou kou anwolman doub ak bousdetid pou kolèj. Yon akademi karyè yo rekonèt nasyonalman suiv 10 Estanda Pratik Nasyonal yon konsosyòm òganizasyon akademi karyè e Depatman Travay ak Edikasyon Etazini andose. Lekòl Leta Miami-Dade County gen pi gwo kantite akademi yo rekonèt nasyonalman pase nenpòt lòt distri lekòl. Yo jwenn rekonesans nan men Kowalisyon Akademi Karyè Nasyonal oubyen Fondasyon Akademi Nasyonal, ki konsantre sou preparasyon pou kolèj ak karyè. Akademi Enfòmatik Lekòl Segondè Miami Central se yon akademi karyè magnèt ki afilye avèk Fondasyon Akademi Nasyonal anba ospis Depatman Karyè ak Edikasyon Teknik. Pou plis enfòmasyon, kontakte Depatman Karyè ak Edikasyon Teknik nan 305-693-3030.
### 13-JJS/255/VVL/CM
|