POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 18 novanm 2013    

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

VOTE POU ELÈV DÈNYE ANE LEKÒL SEGONDÈ EDISON AK SPRINGS!

YO NONMEN ELÈV DÈNYE ANE LEKÒL SEGONDÈ MIAMI EDISON, MIAMI SPRINGS
KÒM FINALIS NAN KONKOU WORLD SERIES OF INNOVATION

Yo nonmen twa ekip elèv ki soti nan de (2) lekòl leta Miami-Dade County kòm finalis nan “Network for Teaching Entrepreneurship’s (NFTE)” (Rezo Antreprenarya pou Ansèyman) Konpetisyon Mondyal sou Inovasyon, Microsoft prezante.  Konkou a se yon aktivite amizan, eksperimantal ki pèmèt elèv panse kreyativman e envante nouvo pwodui oubyen sèvis pou adrese opòtinite chak jou pote. 

Yo pral chwazi de (2) gayan yo – nan chak twa kategori – ak vòt popilè atravè vòt sou Entènèt tout semèn nan pandanSemèn Antrepenarya Global nan www.gewusa.org nan dat 18-24 novanm 2013.

Ekip Miami-Dade yo, de (2) nan Lekòl Segondè Miami Edison ak youn nan Lekòl Segondè Miami Springs, bezwen vòt sou Entènèt pou ranpòte jiska $10,000 an kach ak prim. Yo antre twa kategori yo nan lis anba a. Gen ladan yo tou lyen dirèk chak pwojè pou vote:

• Jwèt sou Aprann Li ak Ekri oubyen “App”:  “Word Avenger”
(http://innovation.nfte.com/challenge/entry/word-avenger)
•  Plan Maketing pou Bwason Gazez:  Tablèt Fwi Coca-Cola
(http://innovation.nfte.com/challenge/entry/coca-cola-fruit-tablets)
•  “App” Angajman Kominotè/Bon Preparasyon pou Travay:  “YourHours”
(http://innovation.nfte.com/challenge/entry/yourhours)

Sa se yon konpetisyon mondyal ki prestijye e vòt sou Entènèt la ap fèt kounye a.

 

###

13-JS/256/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès