POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 20 novanm 2013     

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY BENEFISYÈ PRIM THEODORE ROOSEVELT 2013 KONPANSASYON TRAVAYÈ AK JESYON MOUN KI GEN ANDIKAP

Yo nonmen Lekòl Leta Miami-Dade County kòm youn nan kat benefisyè Prim Theodore Roosevelt 2013 Konpansasyon Travayè ak Jesyon Moun ki Gen Andikape (Prim Teddy). Prim nan rekonèt ekselans nan jesyon risk konpansasyon travayè, ak efò pou redui kantite aksidan travayè ak depans yo. Yo ba li non sa a pou onore Prezidan Theodore Roosevelt, ki te entwodui e pwomote premye gwo lwa sou konpansasyon travayè nan Etazini.

Yo evalye òganizasyon yo baze sou kritè ki ap suiv yo: pèfòmans, dirabilite, ekip ak travay ann ekip, ak inovasyon.  Pami rezon yo chwazi Lekòl Leta Miami-Dade County kòm yon gayan gen efò li fè nan kolabore avèk sendika yo sou kesyon konpansasyon travayè, pou ekonomize lajan atravè yon pwogram negosyasyon ak doktè ki ap distribye medikaman, e pou inisyativ byennèt ki vize travayè ki pi aje yo.

Yo ap prezante prim nan nan Konferans ak Ekspozisyon anyèl Konpansasyon Travayè ak Jesyon Moun ki Gen Andikap nan Las Vegas.

 

###

13-JJS/257/VVL/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès