POU DIFIZE IMEDYATMAN
Madi 19 novanm 2013     

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO CHWAZI HANTMAN, FELDMAN POU DIRIJE KOMISYON KONSÈY LEKÒL LETA MIAMI-DADE

MIAMI – Yo eli Perla Tabares Hantman, Manm Komisyon Konsèy Lekòl Leta e Chèmann pandan twa dènye ane yo, pou yon katriyèm fwa konsekitif pou l dirije Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade County pou ane k ap vini an.

Madan Hantman di, "Mwen ta renmen remèsye manm Komisyon Konsèy Lekòl parèy mwen yo pou konfyans yo mete nan mwen...  M ap kontinye travay pou avansman tout elèv Lekòl Leta Miami-Dade County.”

Sa se setyèm fwa Madan Hantman chèmann depi li te premye eli nan Komisyon Konsèy Lekòl la an 1996 pou l reprezante Distri 4.  Li te premye fi Ispanik ki te sèvi kòm Chèmann, e li sèvi deja an 1999, 2000, 2001, 2010, 2011, ak 2012.

Yo eli Dtè. Lawrence S. Feldman pou twazyèm fwa kòm Vis Chèmann.  Dtè. Feldman, ki reprezante Distri 9, yo te eli l nan Komisyon Konsèy Lekòl la an 2008.  Yo te premye chwazi li kòm Vis Chèmann an 2010 e 2011.

 

###

13-JS/258/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès