|
LI KENBE PWOMÈS LI: PWOJÈ PLIZYÈ FAZ POU RANPLASE LEKÒL SEGONDÈ NORLAND AP KÒMANSE Nan kenbe avèk pwomès li te fè an novanm dènye lè Lekòl Leta Miami-Dade County te mande votè pou envesti nan lekòl yo nan apwouve yon vòt “General Obligation (GO) Bon” (Bon Obligasyon Jeneral) $1.2 milya, Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade te apwouve komisyon “James B. Pirtle Construction Company, Inc.” (Konpayi Konstriksyon ‘James B. Pirtle’) pou bay sèvis pre-konstriksyon pou ranplasman plizyè faz Lekòl Segondè Miami Norland. Pirtle se youn nan sèt konpayi ki kalifye pou aplike pou pwojè a e li dakò pou l bay sèvis pre-konstriksyon “Construction Management at-Risk (CMR)” (Jesyon Konstriksyon ki Gen Risk) pou peryòd pwojè a. Komisyon Konsèy Lekòl la te apwouve tou yon atik ki akòde kontra konstriksyon bay de (2) konpayi Antrepriz Ti Biznis: JCI International, Inc., ak JRT Construction Company; ak de (konpayi) Mikwo Biznis: Unique Construction, Inc., ak Cami-Axle Construction Corporation; pou yo pèfòme yon gwo kantite travay ak aktivite ki gen rapò ak Antretyen. Atik sa a make premye “Job Order Contracting (JOC)” (Kòmand Kontraktè) ti biznis ak mikwo biznis yo rezève nan istwa Distri a. Anba tèm yo negosye avèk Pirtle Construction, konpayi a dakò pou l itilize 40 pousan Ti/Mikwo konpayi Antrepriz Biznis, 20 pousan Afriken-Ameriken ak 8 pousan konpayi Fi posede, ansanm ak 20 pousan travayè lokal pou konstriksyon yo. Tout kontraktè yo te gen pou prekalifye anvan yo soumèt òf oubyen pwopozisyon sou kontra konstriksyon. Komisyon Konsèy la te apwouve sètifika prekalifikasyon yo pou 26 nouvo aplikan nan yon reyinyon Komisyon Konsèy Espesyal ki te fèt 6 novanm. Yo te konstwi Lekòl Segondè Norland an 1958 e li kouramman genyen 15 bilding, ki gen ladan, yon jimnazyòm yo resamman bati, teren espò, teren pou jwe, pakin, yon espas yo konplètman devlope ak plizyè ajoutman yo te bati ant 1964 ak 2006. ### 13-JS/259/HD/RL
|