POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 21 novanm 2013        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS JWENN PLIS PASE $16 MILYON NAN DON

Elèv ak pwofesè “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pral benefisye plizyè don, ki gen ladan sèvis sipò pou plis pase $16 milyon. Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho resamman anonse don yo akòde yo, ki pral ede sipòte pwogram enstriksyonèl Distri, ranfòse sekirite lekòl ak kominote, e ofri resous enstriksyonèl sou Entènèt pou pwofesè.

Carvalho di, “Fon yo bay atravè don sa yo pral pi ogmante opòtinite pou ansèyman ak aprantisaj nan lekòl leta Miami-Dade yo e sipòte kreyasyon plis patenarya lekòl/kominote ki pral prepare efò nou pou ofri yon anbyans edikasyonèl ki gen sekirite ak pwoteksyon pou elèv ak anplwaye.”

Mwayen Rapid pou Sitwayènte Atravè Pwogram III ($250,000)
Depatman Sekirite Teritoryal Etazini akòde $250,000 pou enplemante Mwayen Rapid pou Sitwayènte atravè Pwogram III nan Miami-Dade County. Don an sipòte pratik efikas ki baze sou rechèch pou ogmante aksè nan edikasyon sitwayènte pou “Lawful Permanent Residents (LPRs)” (Moun ki gen Rezidans Pèmanan Legal) nan ofri edikasyon entansif sou sitwayènte atravè Pwogram “Adult English for Speakers of Other Languages (ESOL)” (Anglè pou Adilt ki Pale Lòt Lang) Lekòl Leta Miami-Dade County a.

Magnèt ($10,704,210)
Pwojè Magnèt $10 milyon Depatman Edikasyon Etazini finanse a pral sipòte efò Lekòl Leta Miami-Dade County nan ranfòse patisipasyon minorite, ak amelyore akonplisman elèv nan mete divès gwoup elèv ansanm nan de (2) nouvo lekòl segondè magnèt san limit, atravè tout distri a—BioTech @ Zoo Miami and iTech @ Edison—ki pral pwomote edikasyon “STEM (Science, Technology, Engineering and Math)” (Syans, Teknoloji, Jeni ak Matematik) nan Distri a e ogmante opsyon chwa lekòl pou paran ak elèv. Lekòl sa yo pral fè pati STEM: “Increasing Rigor and Relevance (STIRR)” (Ogmante Rigè ak Relevans), yon pwojè twazan ki pral prezante metòd edikasyonèl inovatif ak pratik, ki adrese bezwen ak enterè elèv.

“Physical Education Program (PEP)” (Pwogram Edikasyon Fizik) ($2,144,879)
Depatman Edikasyon Etazini akòde yon don pou sipòte pwojè “Active Schools! - Healthy Students” (Lekòl Aktif! - Elèv Ansante). Yo fè inisyativ la pou pwomote estrateji inovatif pou ogmante patisipasyon nan aktivite fizik; nivo kondisyon fizik; ak pousantaj elèv lekòl mwayen ki ogmante konsomasyon fwi ak legim pandan yo ap kontribye nan yon sistèm chanjman atravè tout kourikoulòm edikasyon lekòl mwayen Lekòl Leta Miami-Dade County. M-DCPS estime atravè peryòd don twazan an, tout elèv lekòl mwayen pral gen opòtinite pou jwenn sèvis don sa a.

Pwogram Anplwa “Community Oriented Policing Services (COPS)” (Sèvis Polis Oryante nan Kominote a) $967,698
Pwogram Anplwa Sèvis Polis Oryante nan Kominote a, Depatman Jistis Etazini finanse, pral ogmante kapasite Lekòl Leta Miami-County pou l enplemante estrateji siveyans kominotè ki ap ranfòse patenarya pou yon kominote ki gen plis sekirite e amelyore kapasite lapolis pou anpeche, rezoud, ak kontwole krim atravè finansman pou plis ofisye. Yo pral sèvi ak fon federal yo pou sipòte uit nouvo pozisyon ofisye atravè peryòd twazan don an.

Pwogram “21st Century Community Learning Centers (CCLC)” (Sant Aprantisaj Kominotè 21yèm Syèk)  ($1,110,676)
Pwogram Sant Aprantisaj Kominotè 21yèm Syèk Depatman Edikasyon Florid Patwone a ofri elèv ki andanje opòtinite pou anrichman akademik ak pèsonèl andeyò lekòl. Pwogram CCLC 21yèm Syèk la konplete pwogram akademik yo, e angaje manm fanmi adilt nan opòtinite pou devlopman edikasyonèl ak pèsonèl. Pwogram nan amelyore e ranfòse leson akademik jounen lekòl regilye a pou timoun ki prale nan lekòl transfòmasyon edikasyonèl, pou elèv yo ka sastisfè estanda akonplisman akademik lokal eta a nan sijè akademik debaz yo. Lekòl yo sipòte atravè don sa yo gen ladan Lekòl Segondè Hialeah Gardens, ak lekòl elemantè Avocado, Holmes, Miami Gardens, ak Toussaint L’Ouverture.

Pwofesè Sante (Sèvis Sipò ki Gen Valè $1,219,216)
Atravè Pwogram Pwofesè Sante li a, Miami Children’s Hospital pral ofri pwofesè Lekòl Leta Miami-Dade County resous edikasyon sante sou Entènèt ki koresponn ak estanda edikasyon sante nasyonal ak Florid. Bi a se pou amelyore konesans debaz sou sante elèv nan jadendanfan jiska 12yèm ane eskolè.

 

###

13-JS/261/TTR/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès