|
***DIFIZYON FOTO*** PRENS, PRENSÈS ASTURIAS, ESPAY VIZITE SANT K-8 CORAL WAY Prens Felipe, Prensès Letizia, ki soti Asturias te vizite Sant K-8 Coral Way kòm pati vizit ofisyèl yo nan Miami pou onore 500yèm Anivèsè arive Ponce de Leon nan Florid pou komemore prezans Espayòl la, kilti li, ak lang li. Sant K-8 Coral Way, Lekòl Elemantè Sunset, Sant K-8 Ada Merritt, Lekòl Mwayen G. W. Carver ak Akademi Preparatwa Etid Entènasyonal fè pati Memorandòm Konpreyansyon ant Lekòl Leta Miami-Dade County ak Espay. Elèv nan lekòl sa yo te onore Prens ak Prensès la avèk yon pwogram ki aksantye abilite elèv yo pou lang Espayòl. Goch a dwat: Majistra Vil Miami Tomas Regalado, Chèmann Komisyon Konsèy Lekòl Perla Tabares Hantman, Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho, Prens Felipe, Asturias, Espay, Prensès Letizia ak Minis Kowòperasyon ak Afè Ekstèn Espayòl Jose María García-Margallo pandan prezantasyon elèv yo.
### 13-JJS/262/GC/RL
|