|
*** DIFIZYON FOTO*** LEKÒL ELEMANTÈ JOHN DUPUIS RESEVWA DON NAN MEN LOWE’S Josiah Haikimiam, yon elèv 4yèm ane eskolè nan Lekòl Elemantè John G. DuPuis ap koupe riban nan seremoni ki te fèt nan lekòl la pandan (goch a dwat) Senatè Eta Rene Garcia, Chèf Kabinè M-DCPS Millie Fornell, elèv, Reprezantan Eta Eddie Gonzalez, reprezantan “Lowe’s Department Stores” (Gran Magazen Lowe’s), Asistan Chèmann Komisyon Konsèy Perla Tabares Hantman Ana Lara ak Prezidan Konsil Vil Hialeah Isis Garcia-Martinez ap gade. Lowe’s te bay Lekòl Elemantè DuPuis yon don $100,000 pou l renove sistèm ekleraj la. Don an kouvri tou teknoloji pou sis salklas.
### 13/JS/263/GC/RL
|