POU DIFIZE IMEDYATMAN
Lendi 25 novanm 2013     

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

M-DCPS KONTINYE TRANSFÒMASYON DIJITAL ATRAVÈ PATENARYA
AVÈK DISCOVERY EDUCATION

Kòm yon pati nan kontinyasyon konvèsyon dijital li a, Lekòl Leta Miami-Dade County te pwolonje patenarya li avèk Discovery Education, founisè kontni dijital K-12 prensipal peyi a, pou ofri tout 392 lekòl li yo Discovery Education Streaming Plus, yon koleksyon resous ki aliyen ak estanda akademik e egzamen eta a.

Discovery Education transfòme ansèyman ak aprantisaj avèk liv dijital, kontni miltimedya ki sipòte enplemantasyon estanda Debaz Komen, devlopman pwofesyonèl, zouti evalyasyon ak pi gwo kominote aprantisaj pwofesyonèl nan kategori li a ki ranpòte prim.

Inisyativ la gen ladan Discovery Education Science, yon kourikoulòm siplemantè miltimedya pou edikasyon syans nan lekòl elemantè ak mwayen, ak Digital Leader Network, ki pral bay sesyon devlopman pwofesyonèl konplè, konpreyansif ak transfòmatif pou edikatè.

Digital Leader Network pral envesti nan devlope kapasite edikatè, ladrès ak enpak yo nan salklas la. Edikatè yo chwazi pou patisipe nan Digital Leader Network la pral resevwa aprantisaj pwofesyonèl kolektif, ansanm, pou devlope kapital pwofesyonèl yo, ki gen ladan eksperimatasyon avèk diferan estrateji ak zouti enstriksyonèl, ansanm ak evènman devlopman pwofesyonèl tout jounen pou yon peryòd twazan. Yo ap responsabilize Lidè Dijital yo tou pou yo pataje meyè pratik nan inovasyon enstriksyonèl avèk kolèg yo.

Pou plis enfòmasyon, klike sou www.discoveryeducation.com.

 

###

13-JS/264/HD/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès