DISTRI LEKÒL LA BAY GIDANS POU PARAN KI AP ACHTE APARÈY ELEKTWONIK Nan yon efò pou ede paran jwenn chemen yo atravè plizyè milye aparèy elektwonik ki disponib pou pitit yo, “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) lanse yon nouvo sit Entènèt--http://wifi.dadeschools.net/--ki idantifye aparèy elèv ka itilize nan klas pandan distri a ap eksperimante yon transfòmasyon dijital. Youn nan pyès ki pi kritik Bon “General Obligation (GO)” (Obligasyon Jeneral) $1.2 milya Lekòl Leta Miami-Dade County a se te devlope yon enfrakstrikti teknoloji deyò lekòl la pou sipòte pwogram efikas “Bring Your Own Device (BYOD)” (Pote Pwòp Aparèy Ou). Pou sipòte inisyativ BYOD a, Distri a te enstale kanpous teknoloji sanfil atravè 245 lekòl e li te prepare 70 nan lekòl sa yo pou BYOD. Baze sou efò sa a, yo ap mete enstalasyon elektwonik pou BYOD nan tout lekòl vè fen mwa mas 2014 e tout lekòl ap gen kapasite BYOD vè septanm 2014. Yon eleman enpòtan nan inisyativ BYOD a se kominike avèk efikasite ak elèv, paran, anplwaye enstriksyonèl ak vizitè responsablite yo lè y ap sèvi ak rezo sanfil Distri a. Pou asire tout gwoup sa yo konnen responsablite yo e pou reponn lòt kesyon sou BYOD, Distri a kreye yon paj Entènèt sou sit Entènèt Distri a yo rele Bring Your Own Device–Wi-Fi Access (Pote Pwòp Aparèy–Aksè Wi-Fi). Sit Entènèt sa a ofri:
Yo pral anonse sit Entènèt BYOD sa a sou tablo woulan dadeschools.net la pandan semèn “Thanksgiving” (Jounen Remèsiman) an. Sou tablo a, elèv, paran, anplwaye enstriksyonèl ak vizitè ka jwenn aksè pou nouvo paj Entènèt la. Sèvis Enfòmatik la ka ofri tou yon lyen sit Entènèt Black Friday (http://blackfriday.com/). Anplis, kòmanse 6 janvye 2014 Microsoft Office 2013 pral disponib, gratis, pou tout elèv klas jadendanfan-12yèm ane eskolè atravè pòtal elèv la. Si w gen nenpòt kesyon oubyen ou bezwen plis enfòmasyon, silvouplè kontakte Debbie Karcher, Ofisye Anchèf, Sèvis Enfòmatik, nan 305-995-3754.
### 13-JJS/265/RL
|