POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 27 novanm 2013       

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

PREMYE FAZ ETID SOU INEGALITE KI AP EGZAMINE SÈVIS ACHA M-DCPS LA FINI

MGT of America, Inc., yon konpayi jesyon ak rechèch konsiltan yo rekonèt nasyonalman, yo te komisyone mwa mas dènye pou fè yon etid sou inegalite nan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) pou detèmine si gen inegalite ant disponiblite ak itilizasyon minorite ak ‘‘women-owned business enterprises (M/WBE)” (biznis antrepriz fanm posede), fini premye faz la ki konsantre sou sèvis kapital konstriksyon ak achitekti/jeni.  Etid la te fè pati sijè Atelye Travay Komisyon Konsèy Lekòl la jodi a.

Nan etid la yo revize done nan peryòd jiyè 2006 rive jen 2012.  Li montre gen yon inegalite ki te egziste nan fè kontra konstriksyon nan premye nivo; sepandan, sa te fèt, an gran pati, akoz yon mank disponiblite prekalifikasyon kontraktè prensipal Afriken-Ameriken yo, e se pat rezilta règ oubyen pratik Distri a.  

Pratik Distri a nan pwomote objektif kontraktè M/WBE nan nivo soutretans debouche sou to itilizasyon nan kategori sa a, ki aliyen deprè avèk demografi rasyal Miami-Dade County ann antye.  Etou pandan peryòd ant jiyè 2008 rive jen 2012,  to patisipasyon Afriken-Ameriken nan kontra soutretans te klase ant 18.5 pousan e 27.2 pousan.  Se te yon ogmantasyon ki remakab, kòmanse jiyè 2006 jiska jen 2008, lè to patisipasyon mwayèn nan te 10.1 pousan.

Yo te wè menm siksè sa a tou nan revizyon total done M/WBE yo. Pandan peryòd jiyè 2008 rive jen 2012, patisipasyon M/WBE te an mwayèn 79.4 pousan, ki kontrè ak jiyè 2006 rive jen 2008, lè to patisipasyon mwayèn nan te 55.3 pousan.

Sipèentandan Alberto M. Carvalho fè konnen yon Komite Revizyon “Small Business Enterprise (SBE)” (Antrepriz Ti Biznis), Ekspè Kontab Distri a, Komite Konsèy Bon pou Lekòl 21yèm Syèk la, ak Konsiltan Ekonomik Endepandan legal t ap revize premye kopi pwojè a.

Carvalho di, "Nou pral kontinye aplike règ SBE a agresivman… Nou pral itilize done ekonomik sa yo kòm yon baz pou règ respektye e enklizif ki bay tout sèktè nan kominote nou an avantaj, rektifye inegalite istorik, pandan nou ap aplike meyè prensip ideyal biznis yo."

Etid la kredite règ distri a ki ap pwomote konstamman itilizasyon M/WBE atravè jesyon konstriksyon ki riske ak etablisman objektif aspirasyonèl M/WBE kòm faktè prensipal ki mennen nan rezilta sa a.  GMT rekòmande toujou pou distri a kenbe pratik enklizyon sa yo pou asire pa gen regresyon nan patisipasyon minorite ki tounen yon modèl pou lòt ajans piblik ki ap travay pou pwomote egalite ekonomik nan pratik biznis yo.  Reprezantan ki sòti nan MGT te prezan nan atelye jodi a e yo te bay yon ide jeneral detaye, dekouvèt yo ak rekòmandasyon sou etid la.  Dezyèm faz etid inegalite a ap gen ladan sèvis acha ak pwodui.
Pou plis enfòmasyon, kontakte Brian A. Williams, Ofisye Devlopman, Biwo Opòtinite Ekonomik nan 305-995-1307.

 

###

13-JS/0266/HD/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès