POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 5 desanm 2013

KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188

***NÒT POU LAPRÈS***

KOLÈJ BIZNIS “FLORIDA INTERNATIONAL UNIVERSITY” PRAL PREZANTE AKADEMI FINANS ELÈV M-DCPS NAN EVÈNMAN ‘I AM C2– COLLEGE AND CAREER READY’, 13 DESANM

KIYÈS: 
Elèv Akademi Finans nan lekòl segondè “Miami-Dade County Public Schools M-DCPS” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ki ap patisipe, Dwayen Florida International University (FIU) David Klock, anplwaye distri lekòl la, ak patnè biznis ki enterese
KISA:

‘I AM C2– COLLEGE AND CAREER READY’
(MWEN SE C2 – MWEN PARE POU KOLÈJ AK KARYÈ)

KILÈ: 

Vandredi 13 desanm 2013     
9è dimaten

KI KOTE: 

Florida International University
College of Business
Special Events Center – Room 232/Auditorium
11200 S.W. 8th Street
Miami, FL 33199       

POUKISA:

Opòtinite sa a se yon efò kontinyèl pou bay elèv akademi yo yon konpreyansyon sou enpòtans edikasyon kolèj, pandan y ap pataje enfòmasyon sou kou finans yo ofri nan FIU ak sou karyè yo debouche, ansanm ak gidans sou estaj ak preparasyon pou karyè.

Aktivite yo gen ladan:

    • Akèy Dwayen “College of Business School” David Klock;
    • Vizit Laboratwa Enstriksyon “State Farm Financial”;
    • Itilizasyon tèminal Bloomberg;
    • Reyinyon ak anplwaye FIU; e
    • Odyans manm komisyon “National Academy Foundation (NAF),” Akademi Finans ki ap pataje eksperyans pèsonèl, gidans ak ankourajman.

     

# # #

13-JJS/269/VVL/SD

Retounen sou Nòt pou Laprès