Konferans endistri elèv la se yon aspè nan yon efò ki ap kontinye pou ofri elèv akademi karyè ide sou enpòtans preparasyon kolèj ak karyè, pandan yo ap pataje enfòmasyon sou preparasyon pou karyè pwofesyonèl ak aptitid nan domèn jeni, finans, ospitalite ak touris, syans sante ak enfòmatik. Inisyativ sa a aliyen tou avèk patenarya e patisipasyon distri lekòl la nan Plan Enplemantasyon Endistri yo vize, “One Community One Goal” (Yon Kominote Yon Bi) a.
Plis pase 1,500 elèv pral gen opòtinite pou yo tande lidè biznis ak lidè endistri ki pral apwofondi enfliyans praparasyon elèv pou kolèj ak karyè. Tèm konferans la, “Paving the Way to a Better Future” (Aplani Chemen an pou yon Meyè Avni) pral antre konsèp devlopman yon espri “antreprenarya” nan tout sesyon yo.
Anplis tande pwofesyonèl respektab nan endistri yo chwazi, elèv pral gen opòtinite pou tande prezantatè espesyal, Jaime Casup, Evanjelis Edikasyon Global pou Google. Jaime evanjelize pouvwa ak potansyèl Entènèt ak edikasyon teknoloji. Yo te nonmen li youn nan Dis Moun ki pi Enfliyan nan Tech & Learning e yon Prezantatè Distenge SXSWedu (South by Southwest).
Pou detay sou konferans la oubyen enfòmasyon adisyonèl sou fason pou antre nan Google ak Sant Konvansyon Miami Beach la kòm yon patwon antrepriz, kontakte Depatman Edikasyon Karyè ak Teknik nan 305-693-3030.
|