POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 4 desanm 2013

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

YO NONMEN SIPÈENTANDAN LEKÒL MIAMI-DADE ALBERTO CARVALHO MEYÈ SIPÈENTANDAN FLORID POU ANYE A         

TAMPA - “Florida Association of District School Superintendents (FADSS)” (Asosyasyon Sipèentandan Distri Lekòl Florid) nonmen Sipèentandan Lekòl Miami-Dade Alberto M. Carvalho Meyè Sipèentandan Florid pou Ane a jodi a nan Tampa. Kòm Meyè Sipèentandan pou Ane a, Carvalho pral reprezante Eta “Sunshine” la pou konsiderasyon kòm meyè sipèentandan nasyonal pou ane a.

Yo te fè anons la nan ouvèti sesyon jeneral 68yèm Konferans Anyèl Konjwent FSBA, FADSS, FSBAA, FERMA, SUNSPRA, ak FELL ki te fèt nan Grand Hyatt Tampa Bay Hotel.  Carvalho te prezantatè espesyal pou evènman an, kote li te sèvi ak tèm “The Miami Miracle” (Mirak Miami an), yon ekspresyon yo itilize nasyonalman pou dekri chanjman akademik radikal san presedan nan katriyèm pi gwo distri lekòl peyi a.  

Ofisye Egzekitif Anchèf FADSS e Senatè Florid Bill Montford, di “Moun ki chwazi chemen sipèentandan lekòl leta fè sa non pa pou glwa a men pito opòtinite pou yo fè yon diferans nan lavi timoun, e Sipèentandan Carvalho sètènman pwouve sa fwa sa a e ankò paske li travay san pran souf pou l ogmante nòm edikasyonèl Lekòl Leta Miami-Dade County.”  Montford ajoute  “Alberto se pa sèlman yon sipèentandan eksepsyonèl avèk yon bilan siksè ki pwouve; li se yon vrè lidè sèvitè ki angaje nan ekselans edikasyonèl e li byen merite prim sa a.”

Carvalho, ki ap sèvi kòm lidè Lekòl Leta Miami-Dade County depi senkan, toujou ap konbat pou elèv atravè eta a.  Li anbrase plizyè pwoblèm ki gen ladan finansman edikasyon, fleksibilite nan sèvi ak lajan lekòl, nòt pèfòmans lekòl, e egalite pou Moun ki ap Aprann Anglè, elèv Edikasyon Eksepsyonèl, ak timoun paran ki pa gen papye. 

Anba direksyon Carvalho, yo transfòme lekòl segondè D ak F eta a te menase pou l fèmen an lekòl A, B, ak C, ki te pèmèt yo jwenn yon vizit de Prezidan Barack Obama ak Sekretè Edikasyon Arne Duncan. Atravè bidjè ki fèt ak presizyon, kou ar, mizik ak lang te vin fleri nan Lekòl Miami-Dade County pandan lòt distri yo ap sispann bay kou sa yo. Carvalho mennen yon kanpay avèk siksè pou yon Bon Obligasyon Jeneral $1.2 milya ki pral amelyore lekòl yo, bati nouvo lekòl, e modènize teknoloji. Scholastic Magazine te nonmen li kòm youn nan “Senk Fantastik” edikatè ki ap fè yon diferans nan Amerik e yo onore li repetitivman pou travay li nan edikasyon ak jesyon biznis. Ane dènyè, Carvalho te aksepte Prim ‘Broad’ pou Edikayson 2012 la nan non tout edikatè, paran ak volontè ki ede fèmen eka akonplisman pou elèv minoritè Miami-Dade yo.

###

13-JJS/271/RL

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès