|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 6 desanm 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
SIPÈENTANDAN LEKÒL M-DCPS CARVALHO, OTÈL RIVIERA AP FÈ YON RESEPSYON POU ONORE FOTOGRAF RENOME ROBERT ZUCKERMAN
Jodi a (vandredi 6 desanm) kòmanse midi pou 2:30 nan aprèmidi, Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade County Alberto M. Carvalho ak The Riviera Hotel South Beach pral fè yon resepsyon “VIP” (Moun ki Enfliyan) pou selebre ekspozisyon “Foto” fotograf renome Robert Zuckerman ak karyè medyatize li jiskaprezan. Otèl Riviera South Beach Lokalize nan 2000 Liberty Avenue, Miami Beach, FL 33139.
Seri “Foto” Zuckerman yo ekspoze nan Otèl Riviera pou “Art Basel” (Demonstrasyon Atistik), 2013. Resepsyon an pral gen ladan yon meni tradisyonèl Moreno’s Cuba sèvi. Yon pòsyon nan revni vant yo prale nan Fondasyon pou Nouvo Inisyativ nan Edikasyon, Enk.
Kòm yon fotograf nan endistri fim, imaj Zuckerman yo vin tounen kanpay reklam ak piblisite pou anpil fim ki gen ladan “The Crow,” “I Know What You Did Last Summer,” ak “The Pursuit of Happyness,” ansanm ak anpil lòt seri pou televizyon.
# # #
13-JS/274/HD/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |