|
TO GRADYASYON NAN LEKÒL LETA MIAMI-DADE DEPASE ETA A To gradyasyon “Miami-Dade County Public Schools’ (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) ogmante yon fwa ankò pou ane akademik 2012-2013, daprè machasuiv “U.S. Department of Education (USDOE)” (Depatman Edikasyon Etazini). Kalkilasyon to gradyasyon an federalman se 77.2 pousan; ki depase eta a nan toude, to ogmantasyon ak total to gradyasyon. To gradyasyon eta a pou ane 2012-2013 la se 75.6. Anplisdesa, M-DCPS depase lòt distri tou, ki gen ladan Broward, Palm Beach, Duval ak Hillsborough. Sipèentandan Miami-Dade Alberto M. Carvalho di, “Sa se yon mezi siksè anplis ki dwe fè kominote nou an fyè… Pwofesè ak lidè nou yo kontinye konsantrasyon ak detèminasyon yo anvè rezilta amelyore to gradyasyon. Se plis prèv toujou konsantrasyon kontinyèl sou karyè ak preparasyon pou kolèj demontre li efikas.” Ann oktòb 2008, (USDOE) te amande Akò sou Edikasyon Lekòl Elemantè ak Segondè 1965 la, jan sa modifye nan Akò Okenn Timoun Pap Ret Dèyè 2001 an, pou mete ladan nouvo direktif pou to gradyasyon. Nouvo règleman sa yo mande chak eta pou kalkile yon koleksyon to yo ajiste pou katran, ki gen ladan diplòm estanda men ki pa konte GED, toude ki gen ladan diplòm regilye adilt ak diplòm espesyal yo. USDOE te adopte metòd kalkilasyon sa a nan yon efò pou modènize kalkil to gradyasyon pou rive jwenn to ki inifòm, presi e konparab atravè tout eta yo. Eta yo te kòmanse kalkile nouvo to gradyasyon an 2010-11. Lè yo kalkile to gradyasyon federal lekòl segondè M-DCPS ann aryè to yo konstamman ogmante diran dènye senk ane yo. To yo amelyore soti nan 62.0 an 2008-09 rive 77.2 an 2012-13, yon ogmantasyon 15.2 pousan pwen. To gradyasyon pou pou elèv Nwa ak Espayòl M-DCPS monte nan chif siyifikan ki depase eta a. # # # 13-JS/275/HD/CF |