|
LEKÒL SEGONDÈ MIAMI-DADE RESEVWA NÒT PÈFÒMANS LEKÒL EKSELAN Lekòl Segondè Northwestern amelyore pou yon ‘A’; pou twazyèm ane youn aprè lòt, M-DCPS pa gen okenn lekòl ‘F’ MIAMI – Sipèentandan “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County) Alberto M. Carvalho anonse jodi a M-DCPS depase pousantaj eta a nan lekòl segondè ki resevwa yon nòt pèfòmans lekòl “A.” Carvalho te fè anons la nan Lekòl Segondè Miami Northwestern, ki te resevwa premye nòt pèfòmans “A” li te janm genyen. Carvalho di, “Jodi a nou ap selebre nan yon lekòl yo te bay etikèt defayans pou plizyè ane... Nou wè elèv nou yo, avèk sipò fanmi, kominote ak òganizasyon tankou Florida International University ak JP Morgan Chase, ka kite non defayan yo te ba li a pou l vin yon chanpyon… Nou ap gade siksè jodi a – nan elèv, pwofesè ak administratè yo.” Pami akonplisman Distri a:
Pandan sesyon lejislatif 2008 la, Pwojè Lwa Sena 1908 te chanje anpil fason yo te bay lekòl segondè yo nòt kòmanse avèk ane lekòl 2009-2010 la. Pwojè lwa a te mande pou nòt lekòl segondè gen ladan mezi altènatif akonplisman elèv anplis fondasyon vital rezilta “Florida Comprehensive Assessment Test (FCAT)” (Egzamen Evalyasyon Konpreyansif Florid) nan 9yèm, 10yèm, ak 11yèm Ane Eskolè. Mezi adisyonèl yo te ofri yon konsantrasyon egal sou preparasyon kolèj, aksè pou e pèfòmans nan travay kou akselere, ak nivo gradyasyon pou tout elèv e pou sa ki andanje akademikman yo. Enfòmasyon konplè sou nòt pèfòmans lekòl disponib nan schoolgrades.fldoe.org. ### 13-JS/280/HD/RL |