|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 18 desanm 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188 |
ELÈV LEKÒL LETA MIAMI-DADE DEPASE PÈFÒMANS ELÈV NAN GRAN DISTRI YO NAN MATEMATIK AK LEKTI
Yon fwa ankò, malgre rediksyon nan resous ekonomik ki disponib nan Distri a ak elèv nou ak fanmi yo elèv “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County ) kontinye ap resevwa nòt ki depase kondisip yo nan plizyè gwo distri Ozetazini, ki gen ladan New York, Chicago, Los Angeles, Boston, Washington, ak Dallas.
Siksè elèv yo plase Miami-Dade pami distri lekòl ki fè pi gwo siksè nasyonalman kote 4yèm ak 8yèm ane eskolè nan matematik ak lekti nan Evalyasyon Nasyonal pou Pwogrè Edikasyonèl, adiministre bay elèv ki ale nan 21 pi gwo distri lekòl Iben. Ane sa a M-DCPS’ pou yon twazyèm ane patisipe nan pwogram “Trial Urban District Assessment (TUDA)” (Esè Evalyasyon Distri Iben) ki konpare siksè elèv yo nan gwo distri Iben yo ki konfwonte menm defi tankou povrete e popilasyon ki nan gwo risk.
Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho di, “Ak tout dwa nou fyè pou pèfòmans elèv nou yo ki plase yo fèmman pami elèv ki fè pi wo siksè nan peyi a”… Komisyon Konsèy Lekòl Miami-Dade chaje edikatè pouvwa pou enspire elèv nou yo pou yo jwenn siksè, e Jodi a anons la konfime jisteman kòman elèv yo ap travay byen ak sipò pwofesè, paran e kominote a ki kanpe dèyè yo. Pandan nou devan nan Iben Amerik nou genyen anpil travay pou nou fè.”
Michael Casserly, Direktè Egzekitif pou “Council of the Great City Schools” (Konsil Lekòl Gran Vil) di, “Nouvo rezilta a konfime M-DCPS pami pèfòmans pi wo pase distri lekòl Iben peyi a, se rezilta ekselan lidè anplwaye, pwofesè ak elèv ki ap travay di.
Gran tit pou jounen an:
- Pou twazyèm ane konsekitif administrasyon, M-DCPS kontinye pou yo nan ran kad wo konparatif ak lòt distri “TUDA” nan toude Matematik ak Lekti, nòt ki depase plizè gwo distri lekòl nan peyi a.
- Elèv 4yèm ane M-DCPS’ pwogrese nan evalyasyon NAEP 2012 la kote pèfòmans yo depase kondisip yo nan lekòl nan gran vil atravè peyi a nan toude Lekti ak Matematik.
- Toude elèv Espayòl ak Nwa M-DCPS yo pèfòme remakabman beyn an konparezon ak kondisip yo nan tout peyi a.
- Elèv katriyèm ane ki elijib pou pwogram Manje Gratis oubyen nan Pri Redui nan M-DCPS resevwa nòt siyifikan pi wo pase kondisip yo nan lekòl leta nan tout peyi a e nan gran vil yo nan toude Lekti ak Matematik.
- Rezilta konplè Distri a disponib sou Entènèt nan http://www.fldoe.org/asp/naep/naep-results.asp.
###
13-JS/281/
Retounen sou Nòt pou Laprès |