POU DIFIZE IMEDYATMAN
Mèkredi 27 fevriye 2013 

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

“THE ENGLISH CENTER” (SANT ANGLÈ A) OFRI KOMINOTE A ÈD POU TAKS GRATIS

“The English Center” (Sant Anglè) a, ki fè pati “Miami-Dade County Public Schools (M-DCPS)” (Lekòl Leta Miami-Dade County), Divizyon Edikasyon Adilt kontinye ap respekte angajman li pran depi lontan pou ede manm nan kominote a ranpli taks sou revni yo avèk Pwogram “Volunteer Income Tax Assistance (VITA)” (Volontè Asistans Gratis pou Taks sou Revni).

Dtè. Dulce de Villa, Direktris Sant Anglè a di, "Pwogram VITA nou an te kòmanse plizyè ane de sa kòm yon pati nan kou kontablite nou yo pou bay elèv nou yo yon eksperyans reyèl…   Li sèvi tou pou ofri yon sèvis valab gratis pou manm kominote nou yo ki pa gen mwayen pou peye plizyè santèn de dola pou ranpli taks yo."

Se elèv yo ak lòt endividi ki administre e ki se anplwaye nan Pwogram VITA a ki volontè tan yo pou ede piblik la nan prepare fòm taks yo.  Nou fòme moun ki vle patisipe kòm volontè anvan e yo dwe pase yon egzamen ‘‘Internal Revenue Service (IRS)’’ (Sèvis Entèn sou Revni) yo bay sou prensip debaz, règleman ak ladrès preparasyon taks anvan yo kapab asiste takspeyè.  Fonksyon yo, ki divize an twa gwoup, se administre, prepare taks sou e kontwole kalite.

Endividi ki enterese prepare taks yo atravè pwogram VITA English Center a dwe pote dokiman ki ap suiv yo avèk yo: kat sekirite sosyal ak kat sekirite sosyal depandan y ap deklare yo, idantifikasyon avèk foto, fòm deklarasyon W-2 ak “1099 MISC” si moun ki gen pwòp biznis yo, dokiman “1099 INT” (pou nenpòt enterè sou revni) pou kèlkeswa deklarasyon depans tankou resi, eks.

English Center a ap ofri sèvis sa yo pou tout endividi ki enterese jiska 3 avril. Èd pou taks disponib lendi rive jedi 5è pou 8è diswa. e samdi 9è dimaten pou 2è nan aprèmidi nan chanm H-3.  English Center a lokalize nan 3501 S.W. 28th Street, Miami, FL 33133.  Si ou bezwen enfòmasyon adisyonèl, rele 305-445-7731 oubyen vizite http://www.tecmiami.com

 

###

13-JS/038/GC/SD

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès