|

|
POU DIFIZE IMEDYATMAN
Vandredi 19 avril 2013 |
KONTAKTE: Carline Faustin
305-995-1188 |
***NÒT POU LAPRÈS***
“SCHOOL FOR ADVANCED STUDIES (SAS)” (LEKÒL POU ETID AVANSE) AP FÈ YON FOWÒM KOLÈJ K AP PREZANTE PI GWO INIVÈSITE YO, 18 ME
|
Elèv lekòl segondè ki enterese pou aplike nan meyè inivèsite yo
|
|
Fowòm Kolèj SAS ap prezante yon sesyon enfòmasyon ak diskisyon panèl ki ap genyen 4 nan 13 pi gwo inivèsite nan Etazini (University of Pennsylvania, Massachusetts Institute of Technology, Princeton University ak Johns Hopkins University)
Yo mande enskripsyon alavans. Fè rezèvasyon pou evènman an nan: http://www.eventbrite.com/event/5857603249# |
KILÈ: |
Samdi 18 me 2013 kòmanse 10è dimaten pou midi
|
KI KOTE: |
School for Advanced Studies (SAS) nan Miami Dade College Wolfson Campus
245 Northeast 4th Street
Miami, FL 33132
|
POUKISA: |
Pwogram sa a pral ofri lide valab sou pwosesis admisyon konplèks nan “Ivy League” (yon gwoup invèsite ki trè renome Ozetazini) ak pwogram lòt gwo inivèsite. Envite yo pral dekouvri kisa ki fè yon aplikasyon konpetitif pou admisyon, rankontre ap direktè e asistan direktè anplwaye Admisyon ki ap patisipe yo, e jwenn enfòmasyon sou akademik rijid ak èd finansye yo ofri nan lekòl sa yo.
|
KONTAK: |
Pou plis enfòmasyon kontakte Dennis Lindsay nan 305-237-0510 oubyen dlindsay@dadeschools.net. |
# # #
13-JJS/086/VVL/RL
Retounen sou Nòt pou Laprès |