POU DIFIZE IMEDYATMAN
Jedi 10 janvye 2013                   

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

ELÈV AR LOKAL BENEFISYE PRIM $1 MILYON NAN MEN KNIGHT FOUNDATION

Elèv nan Lekòl Segondè Design and Achitecture ak New World School of the Arts pral kapab fè pwomnad kiltirèl pou elaji orizon yo, gras a $1 milyon nouvo fon yo resevwa nan men James L. Knight Fondation.

Anpil atis Miami souvan kòmanse karyè yo nan youn nan de lekòl sa yo, DASH oubyen NWSA.  Nouvo fon sa a pral ede elèv yo elaji opòtinite edikasyonèl yo nan pèmèt yo ale nan pwogram preparasyon pou kolèj e ale nan vwayaj nasyonal e entènasyonal pou amelyorasyon kiltirèl yo. Elèv yo tou patisipe ap nan konpetisyon ki bay prim bous etid kolèj.

Yo te anonse prim nan kòm yon pati nan $23 milyon nan fon Knight Foundation te pran angajman resamman pou bay ar nan Sid Florid la. Sipò a mete total envestisman Knight Foundation nan kominote kiltirèl Sid Florid la ki divèsifye e dinamik, e nan $86 milyon nan sis ane.

###

12/JS/554/GC/SD

Apwopo John S. and James L. Knight Foundation
Knight Foundation sipòte ide transfòmasyonèl ki pwomote jounalis de kalite, pwomote inovasyon nan medya avanse, angaje kominote yo e favorize ar. Foundasyon an kwè demokrasi pwospere lè moun ak kominote yo enfòme e angaje.  Pou plis enfòmasyon, vizite knightfoundation.org.

 

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès