|
LEKÒL LETA MIAMI-DADE COUNTY AP RE-OUVÈ, 7 JANVYE Tout lekòl leta Miami-Dade County ak biwo administratif yo ap re-ouvè lendi 7 janvye, nan lè regilye yo. 2012 se te yon ane gwo akonplisman pou Lekòl Leta Miami-Dade County, ki gen ladan ranpòte Prim prestijye “Broad”, pi gwo prim peyi a pou distri lekòl leta, ansanm ak nominasyon pou resevwa don $30 milyon “Race to the Top” (Kous pou Antèt) ki pral ofri opòtinite pou amelyore matematik. Elèv kontinye ap depase kondisip yo nan egzamen nasyonal estandadize, e to gradyasyon ogmante rive nan chif doub. Pwoteksyon ak sekirite se pi gwo priyorite distri lekòl la. Depi lontan nou konnen elèv ki pa santi yo ansekirite pa ka aprann, donk nou fè tout efò posib pou ofri yon anbyans ki gen sekirite pou chak elèv aprann. Miami-Dade se youn nan ra distri lekòl nan Florid ki gen pwòp fòs polis li, e yo ap sèvi ak pèsonèl polis la estratejikman pou pèmèt meyè siveyans. Distri lekòl la pral travay deprè avèk depatman minisipal e majistra lokal yo pou ofri yon anvlòp sekirite pou elèv, anplwaye ak lekòl yo. Chak kay elèv Miami-Dade pral resevwa yon mesaj otomatik ki ap enfòme paran yo sou efò sekirite distri a. Yo ap akeyi elèv yo avèk mesaj lendi maten ki ankouraje yon anbyans respè, responsablite ak kontwòl. ### 12-JJS/577/GC/RL
|