POU DIFIZE IMEDYATMAN
Dimanch 12 janvye 2014        

KONTAKTE: Carline Faustin
Miami-Dade County Public Schools
305-995-1188

 

SIPÈENTANDAN CARVALHO AK DIREKSYON SENDIKA PLANIFYE YON JOUNEN FONKSYÒNMAN REGILYE LENDI 13 JANVYE

Sipèentandan Lekòl Leta Miami-Dade Alberto M. Carvalho ak administratè distri a te pale avèk direksyon egzekitif “American Federation of State, County and Municipal Employees (AFSCME)” (Federasyon Ameriken Anplwaye Eta, Konte e Minisipal) samdi 11 janvye, e gwoup yo te rankontre fasafas dimanch 12 janvye. Distri lekòl la ak lidè sendika yo te dakò priyorite pou toude gwoup yo, se te transpòtasyon ansekirite, pwoteje, alè pou elèv lekòl, e pou ekspedye efò negosyasyon yo nan jou k ap vini yo pou eksplore ogmantasyon salè ak diminisyon pri asirans sante.

Baze sou angajman direksyon AFSCME, yo ap atann yon jounen fonksyònman nòmal lendi 13 janvye.

Sipèentandan Carvalho ak anplwaye li te travay pandan tout wikenn nan pou kominike ouvètman avèk paran ak anplwaye pou asire sèvis transpòtasyon san pwoblèm pou elèv Miami-Dade demen.

Yo ap voye mesaj telefòn otomatik bay paran yo pou kenbe yo enfòme sou devlopman yo e ofri yo asistans ak kontak, si yo bezwen. Yo ap voye mesaj adisyonèl pou tout anplwaye AFSCME pou ankouraje yo vini nan travay lendi.

Grèv anplwaye leta ilegal nan Florid, menmjan ak "sick-outs" (pa al travay kòm yon fòm grèv òganize).

Yo te voye mesaj k ap suiv la bay chofè otobis ak èd chofè yo ann Anglè, Espayòl ak Kreyòl.

Message to Employees:

This is a message from Miami-Dade County Public Schools. You are a valuable member of the M-DCPS family. We understand your frustration. We remain willing and able to go back to the bargaining table with your union to hopefully reach an agreement which will resolve your concerns with salary and health insurance costs.  We know you will be at work every day because you are consummate professionals and you care about the children you serve.

Mensaje  para Empleados:

Buenas noches, este es un mensaje de parte de las Escuelas Públicas del Condado Miami-Dade. Usted es un miembro clave de la familia de las M-DCPS.  Comprendemos su frustración. Estamos preparados y disponibles para regresar a la mesa de negociaciones con su sindicato y esperamos llegar a un acuerdo que solucione sus preocupaciones salariales y de costos del seguro de salud. Sabemos que ustedes estarán trabajando diariamente porque son profesionales realizados y están preocupados por los niños que sirven.

Mesaj Sa A Se Pou Anplawye

Mesaj sa a soti nan Lekòl Leta Miami-Dade County.  Ou se yon manm
enpòtan nan fanmi Lekòl Leta Miami-Dade County. Nou konprann fistrasyon
ou. Nou toujou ta renmen, e kapab retounen sou tab la pou n kontinye
negosye avèk sendika ou a ak espwa nou kab tonbe dakò ki va rezoud
enkyetid ou sou salè w ak pri asirans sante ou. Nou konnen w ap vini
travay chak jou paske w se yon vrè pwofesyonèl e ou sousye de timoun ou
sèvi yo.

Nòt Editè a: Atachman foto.

Sipèentandan Lekòl yo Alberto M. Carvalho ak Prezidan AFSCME Local 1184 Sherman Henry.


###

14/JS/008/JS/RL

 

 

Retounen sou Nòt pou Laprès